Premye Gwoup sòlda Bahamyen yo ki te deplwaye ann Ayiti nan Misyon Multinasyonal Sipò Sekirite a (MSSM) retounen lakay yo mèkredi 7 me 2025 lan, apre kontribisyon yo pandan 6 mwa nan fòs miltinasyonal la.

Pou make retou san danje sa a, Minis Sekirite Nasyonal Bahamas la, Wayne Munroe, te prezan ansanm ak komandè fòs defans lan, komodò Raymond E. King, nouvo komodò a, kapitèn Floyd Moxey, lòt manm ekip direksyon Fòs Defans Royal Bahamas (FDRB), fanmi ak zanmi sòlda yo.

Seremoni sa te yon okazyon espesyal pou salye kouraj ak devouman sòlda yo ki te patisipe nan efò entènasyonal pou bay Ayiti sipò sekirite pandan moman difisil peyi a ap travèse.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841