Nan mwa me sa a, Radio Televisyon Kiskeya ap selebre 31yèm anivèsè li, yon etap enpòtan ki make yon chemen egzanplè nan jaden medya ayisyen an. Nan okazyon sa a, Prezidan Direktè Jeneral estasyon an li yon editoryal ki te chaje ak sans, yon omaj, yon bilan, epi yon son klòch devan defi ki pa janm sispann.
Yon vwa ki leve nan mitan chanjman demokratik
Kiskeya te fonde nan yon epòk tranzisyon demokratik, epi li tounen youn nan pi gwo vwa ki gen kredibilite, endepandans ak angajman nan peyi a. Men anivèsè sa a pa sèlman fèt pou fè fèt : li pote tou tout gravite moman an.
Omaj pou sila ki travèse yo
PDG a te kòmanse entèvansyon li an fè sonje memwa pyonye yo : jounalis, teknisyen ak tout lòt kolaboratè ki fè vwayaj san retou. « Se fanm ak gason sa yo ki te bati, wòch pa wòch, kay pawòl lib sa a. » Sonje angajman ak pwofesyonalis yo kontinye enspire jenerasyon jodi a ak demen.
Yon estasyon ki kanpe dwat malgre van kont
Li dekri san kache reyalite difisil radyo a ap konfwonte jodi a : rediksyon nan revni piblisite yo, ensekirite ekonomik, ak feblès nan sistèm medya a. « Kanpe dwat jodi a se yon zak lafwa, se kwayans nou gen nan reyalite ke peyi a pa ka rebati san laprès lib », jan li te di sa ak konviksyon.
Avèk anpil emosyon, PDG a denonse jan ideyal patriyotik ane 90 yo ap disparèt piti piti. « Enterè kolektif la, kouraj entelektyèl la, rèv ayisyen pou yon peyi souverèn, jis ak ekitab, mete sou kote pou fè plas pou lojik siviv, patipri ak endiferans. » Li lanse yon apèl bay tout sektè sosyete a, espesyalman jèn yo, pou yo reprann « fil wouj angajman sitwayen an ».
Yon pwomès renouvle
Malgre tout obstak yo, Radio Televisyon Kiskeya deside kontinye misyon li : enfòme ak presizyon, eklere ak etik, pote vwa pou sila ki pa gen vwa. Editoryal la fini sou yon nòt espwa ak detèminasyon : « N ap kenbe, pa paske n ap viv sou nostalji, men paske nou kwè toujou, ak tout kè nou, ke peyi sa a ka leve kanpe. »
Nan 31yèm anivèsè sa a, Kiskeya pa sèlman ap selebre listwa li, men li reafime direksyon li : yon medya ki toujou sou bò pèp ayisyen an, memwa li, verite li, ak avni li.
Bon batay ak bon kontinite Radio Televisyon Kiskeya !
Henri Alphonse
Jounalis / Kominikatè sosyal
.