Desizyon ki te pran lendi a mete plis limyè sou kontni yon lòt desizyon ki te pran an avril pa yon tribinal federal apèl, ki te otorize administrasyon Trump lan sispann retounen refijye sa yo, kòm yon lòt revèsman jidisyè nan tantativ Prezidan an te fè pou sispann admisyon refijye yo.
Desizyon ki te pran lendi a mete plis presizyon sou limit desizyon tribinal apèl federal la te pran an avril, kote li te pèmèt administrasyon Trump lan sispann admisyon refijye yo, men li te mande yo admèt refijye ki deja te jwenn estati a epi ki te deja òganize vwayaj yo pou ale Ozetazini.
Administrasyon Trump lan te panse ke pati sa a nan desizyon an te sèlman konsène 160 moun ki te gen plan pou vwayaje nan de semèn apre dekrè prezidansyèl la te siyen nan mwa janvye pou sispann arive refijye Ozetazini.
Men yon jij federal nan Seattle te deklare lendi ke entèpretasyon sa a pa administrasyon Trump lan se te yon «maltrete entèpretatif».
Si tribinal apèl federal sa a te vle mete yon limit de semèn – ki ta redui kantitev refijye ki ta pwoteje soti 12 000 pou rive sèlman 160 – li ta di sa klèman, dapre sa Jij Jamal Whitehead te ekri nan desizyon li.
Nan fen mwa fevriye, menm jij sa a te bloke dekrè Donald Trump lan ki te mete fen nan admisyon refijye Ozetazini.
Tèks prezidansyèl la te konsidere ke pwogram admisyon refijye yo, ki la depi lontan Ozetazini, te «pòte prejidis pou enterè» peyi a.
Etazini ap resevwa refijye depi plizyè deseni, atravè yon pwogram ki se youn nan ra chemen moun ka pran pou vin sitwayen ameriken.
Ansyen administrasyon Joe Biden lan te mete aksan sou aksèptasyon refijye kòm yon priyorite. Pandan ane fiskal 2024 la, anviwon 100 000 refijye te vin rete Ozetazini — sa se pi gwo chif la depi trant (30) ane, selon done ofisyèl yo.
Depi Donald Trump retounen sou pouvwa a, li lanse yon gwo ofansiv kont imigrasyon, jan li te pwomèt sa pandan kanpay li.