Donald Trump vle voye lame ameriken nan Meksik pou konbat kartèl dwòg yo. Ekspè yo avèti ke yon deplwaman konsa, ke prezidan meksiken an deja rejte, ta ka gen gwo konsekans sou sivil yo ak sou touris yo.
Dimanch, prezidan ameriken an te deklare li te pwopoze lide sa paske, selon li, katèl yo “se move moun ki ap touye moun chak kote epi ki vin rich ap vann dwòg epi ap detwi pèp nou.”
Prezidan Claudia Sheinbaum rejte pwopozisyon lokatè Mezon Blanch lan, li mete aksan sou sa ke souverènte peyi li “pa pou vann.”
Li presize ke Meksik ak Etazini ka “kolabore” sou dosye sa, men chak peyi sou bò pa yo sou fwontyè a.
Donald Trump kritike desizyon tokolèg meksiken li, li deklare ke li “tèlman pè katèl yo li pa menm ka panse byen.”
Yon lide ki popilè nan administrasyon Trump lan
Lide pou itilize lame pou mennen lagè kont katèl meksiken yo ap sikile depi plizyè mwa nan mitan repibliken yo.
Tom Homan, ke yo rele “tsar fwontyè” Donald Trump lan, te pale sou posiblite sa sou chèn Fox News nan mwa novanm pase a.
“Prezidan eli a pral itilize tout pouvwa operasyon espesyal Etazini pou elimine [katèl yo,” li te deklare.
Le 20 janvye, Donald Trump siyen yon dekrè pou mete katèl meksiken yo sou lis ofisyèl “òganizasyon teworis etranje” Etazini an, menm jan ak Leta Islamik ak Al-Kaida.
Plizyè ekspè deklare ke desizyon sa ka sèvi pou fasilite deplwaman sòlda ameriken nan sid fwontyè a.
Sivil yo, premye viktim potansyèl yo
Depi kòmansman ane 2000 yo, katèl meksiken yo benefisye de gwo kantite zam ki soti Etazini pou konstwi yon veritab zafè lagè.
Chak jou, plis pase 500 zam ta travèse fwontyè Nò a an mwayèn, dapre yon rapò gouvènman meksiken te pibliye an 2019. Pifò nan zam sa yo tonbe nan men manm katèl yo.
Yo sezi zam kalib militè
Yo montre laprès zam kalib militè yo te sezi nan men manm katèl meksiken yo devan yon hangar marin meksiken an nan vil Meksiko.
Kartèl yo deja mete men sou zam militè tankou misil, zam otomatik, ak machin blende.
Voye sòlda ameriken ta ka mennen yon eksplozyon vyolans ki ka dire plizyè ane epi lakoz dè milye viktim sivil.
Pa egzanp, operasyon militè Ameriken te mennen kont òganizasyon teworis yo ann Afganistan, Irak, Pakistan, Siri, Libi, Somali ak Yemen yo ta lakoz omwen 380 000 viktim sivil pandan 20 dènye ane yo, dapre yon rapò pwojè Cost of War nan Inivèsite Brown te pibliye ane pase a.
Èske touris yo vin tounen sib katèl yo?
Chak ane, plis pase 30 milyon touris ameriken vizite Meksik, dapre done gouvènman ameriken ak meksiken yo.
Katèl meksiken yo, ki byen prezan nan Cancun ak lòt zòn touris popilè, evite atake Ameriken paske yo pè vanjans.
Men, analis yo di sitiyasyon an ka chanje si lame ameriken vin deplwaye nan Meksik, selon sa jounal britanik The Guardian rapòte.