Gen yon solèy ki leve chak maten sou tèt yon peyi kote lapolis tankou yon chwal ki mare anba pye bwa, ap bat labou ak tout fòs li, men li pa janm fè yon pa. PNH la vin tankou yon sòlda ki mete rad kamouflaj, mete kas sou tèt, pran zam, men chak fwa yo di li prale, se tankou li ap tann vag lan pase pou l pa mouye.
Depi plis pase karant jou, tout odyo, tout papye, tout mikwo ap chante menm mizik: « Operasyon an ap vini! » Tankou tanpèt ki leve sou lanmè, men ki pa janm frape tè. Antan l ap vini, bandi yo ap danse rara ak zam, ap òganize rèy sou lari, ap mete lapè a anba pye. Tankou krab ki di l ap mache dwat, chak move nouvèl ap fè pèp la tranble.
Operasyon PNH la, se tankou yon machin ki sou ralanti depi lontan, ak tout limyè limen, men chofè a chita ap gade glas retwovizè. Se yon grenn pikan sou branch peyi a ki kontinye ap pike chak jou plis pase jou anvan. Èske se laperèz ki mare men yo? Èske se kalkil politik ki mete sab nan bwat? Oswa èske se tèt chaje sistèm lan ki fè tout estrateji vire an won?
Pèp la, li menm, vin tankou yon pyebwa ki pa gen rasin, ap tann dlo sekirite ki pa janm tonbe. Timoun pa ka dòmi; fanm ap leve ak kè sere; jèn yo ap gade solèy la kouche ak de zye louvri. Lè lapolis pa parèt, se gang ki parèt. Lè leta pa pale, se zak bandi ki bay direksyon.
Nou pa bezwen plis reyinyon kote pawòl ap jwe domino sou tab. Se pa plan kap sove lavi, se aksyon. Se pa simagri ki reprann katye, se kouraj ak volonte. Chak jou ki pase, se tankou ou mete flanm dife pi pre barik gaz la. E lè li pete, se pa mo ki ka mete l tounen.
PNH, nou mande nou: si nou se zam pèp la, ki sa nou ap tann pou tire kont mechanste?
Peyi a sou pye tèt anba. Èske nou la pou dekore oswa pou delivre?
Paske pi gwo trayizon se silans otorite yo devan kri pèp la.
Epi tout chwal ki pè galop pa janm rive sou chan batay.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis- Centre à la Une