Ane sa, 18 Me, jounen drapo ak Inivèsite, pase nan yon silans ki frape lespri. Pa gen mobilizasyon, pa gen vibrasyon, pa gen manifestasyon. Sa ki plis frape nou, se absans total politisyen tradisyonèl yo. Chèz yo vid, mikro yo boukle, flanm pawòl yo etenn. Se tankou yo menm tou, yo rekonèt pa gen anyen pou selebre. E si yo pa la, èske se pa yon siy ke menm pwopagand pa mache ankò?

Nan tout dènye ane yo, 18 Me te toujou yon dat ki chaje ak sans : ant patisipasyon, kontradiksyon, e menm eksè ideyolojik. Gen moun ki te chita sou koulè drapo a, sou kilti, sou revandikasyon inivèsitè. Jodi a? Pa menm flanm. Pa menm flè. Pa menm flanbo.

18 Me, si se drapo a li onore, se pèp la li sipoze chita sou li. Drapo a se senbòl inite, diyite, memwa batay kont esklavaj ak kolonizasyon. Men koulye a, lè n gade nan ki eta pèp la ye, anba grif gang, anba grangou, san lekòl, san sekirite, nou oblije mande : ki sans li genyen toujou pou nou mete drapo sou balkon, si nou pa mete l sou konsyans nou?

Se premye fwa depi plis pase 10 ane, pa gen deba sou koulè drapo ankò, pa gen joure ant blan ak wouj. Sa pa fèt paske gen konsansis, li fèt paske pèp la pèdi lespwa. Li pa bat ankò. Yo mennen 5 a 0 sou pèp la, e pèp la pa gen gòl pou defann tèt li.

Lè yo selebre drapo, se pa twal yo mete sou poto a n ap onore. Se valè li pote : libète, diyite, bon jan edikasyon, sekirite, dwa pale, dwa viv. E si tout sa absan, si inivèsite fèmen, si lekòl tonbe, si pwofesè ap kouri anba bal, si gang mete baryè sou tout aks, kisa nou ka selebre?

Chak 18 Me ta dwe se refleksyon kolektif sou sa ki te reyalize, sou sa ki rete pou bati. Men sa n ap viv se selebrasyon vid, sinis, ke yo eseye kache ak bèl afich. E menm sa pa fèt ane sa, paradi a twò vizib, sistèm lan trò dekadans.

Absans manifestasyon pa vle di pèp la dakò. Men li ka vle di li fatige. Absans flanm nan pa vle di pèp la bliye, men li ka vle di li pèdi vwa. 18 Me 2025 pa ta dwe pase tankou yon dat tounen pèp la vire do sou li, men tankou yon avètisman ke nou rive sou pwen kote menm senbòl nou yo pa gen fòs ankò.

Li lè pou n re-panse drapo a : pa sèlman kòm koulè, men kòm konsyans ak konpòtman nasyonal. Si pa gen fyète pou pote l, se pa sou tèt li pwoblèm lan ye, se sou jan nou trayi sa li sipoze reprezante.

Ayiti pa mouri, men li sou respirasyon asistans moral. Si nou vle mete drapo a ankò sou tèt nou, fòk nou mete li anndan kè nou. Fòk nou refè valè li yo, refè batay li te pote yo, e fè l pa tounen senbòl politik oswa dekorasyon fèt sèlman.

Jounen Jodi a, drapo a pa bezwen bèl diskou, li bezwen aksyon. Li bezwen edikasyon. Li bezwen jistis. Li bezwen respè. Si nou pa ka ba li sa, nou pa merite flote li.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar