Nan tout peyi ki gen vizyon, pwofesè se poto mitan. Se lanp lespwa, se temwen moral, se zouti pou sòti nan fènwa. Men ann Ayiti, nou pa respekte sa ki bati lespri nou bat yo.Dènye zak sa a ki fèt sou pwofesè Williamson Saint-Fleur, ki te sibi maltretans anba zagoloray lapolis nan vil Okap pandan selebrasyon 18 Me a, se pa aksidan. Se rezilta yon gouvènman ki pa gen direksyon, ni etik, ni respè pou sila ki pote limyè.
Asosyasyon nòmalien yo leve vwa yo, sendika yo denonse, men gouvènman an fèmen bouch li, jan li toujou fè lè se pèp la k ap soufri. Yo ka kraze frijidè pou $75,000, mete kat telefòn pou 500,000 goud, men yo pa ka di yon mo pou onè yon pwofesè bat anba bòt. Kilè sa ap fini?
Nou tande diskou sou « drapo », sou « edikasyòn », sou « refòm », men lè limyè a frape rèv yo, yo mete baton ak boukliye kont moun ki edike.Epi se menm moun sa yo ki ap fè deklarasyon fèt ofisyèl.Se menm sistèm lan ki bat ou ak zam, epi di ou respekte lalwa.
Zak sa pa izole. Li se yon nouvo prèv ke sa ki ta dwe nève nasyon an, se sa menm Leta a ap toupizi.Si pwofesè yo pa ka pale, kilès ki va defann lespwa? Si konesans frape, eske se inyorans nou vle gaye?
Gouvènman sa a pa regle anyen pou pèp la.Li gaspiye lajan sou depans pèsonèl.Li rale kò l devan zak vyolans.Li pa reponn otorite moral yo.Li sèvi tèt li, li bliye misyon li.
Nou pa ka kontinye ak leta ki bat sa ki leve peyi.Nou pa ka tolere silans lè lanmò moral frape pòt klas la.Frape yon pwofesè, se frape nasyon an.Se mete men sou lavni pitit nou.Se blese memwa sa ki bati nasyon an.
Nou mande jistis pou pwofesè Saint-Fleur.Nou mande ekskiz piblik.Nou mande sanksyon pou sòlda ki t ap sèvi ak pouvwa kòm zam pou peze sa ki onèt.Nou mande pou Ayiti sispann meprize sa ki edike.
Paske si nou pa leve vwa nou jodi a, demen se leson an yo va boule.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une