Chanpyona nasyonal espesyal premyè divizyon an bay uit (8) kalifye yo ki nan wout pou final. Tablo play-offs chanpyona nasyonal espesyal la dezòmè konplè.

Uit (8) ekip yo ki sòti nan de (2)) gwoup nan sezon regilyè a kòmanse dènye liy dwat pou tit nasyonal la. Divize an de (2) poul, ekip yo ap jwe ant yo pou pran plas yo nan final la.

Men ekip ki kalifye yo :
Gwoup A : Baltimore SC, AS Capoise, Tempête FC, FICA
Gwoup B : Violette AC, America FC, Don Bosco FC, Juventus FC.

Faz gwoup play-offs yo ap demare 21 me 2025 sou kat (4) tèren nan peyi a : Pak Félix Saint-Victor (Kap-Ayisyen), Pak Résigné (Milo), Land des Gabions ak Pak Mister Henry (Okay). Chak fòmasyon pral jwe twa (3) match. Aprè douz (12) rankont ki prevwa, premye nan chak gwoup yo pral retwouve yo nan final nan Pak Félix Saint-Victor.

N ap fè konnen, ekip ki chanpyon an pral reprezante Ayiti nan Caribbean Cup, tandiske finalis la pral patisipe nan Caribbean Shield. De (2) konpetisyon sa yo ofri yon posiblite pou « Ligue des Champions de la Concacaf ».

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841