Melchie Daëlle Dumornay ede ekip li Olympique Lyonnais genyen Paris Saint-Germain (3-0), vandredi 16 me 2025 la, nan final playòy la. Grenadyè a ki fini pi bon jwez final la make 1 gòl nan 3 ki pèmèt OL pran 18è tit chanpyona feminen fransè premyè divizyon an ki se (Arkema Première Ligue).
Olympique Lyonnais feminen an malmennen Paris Saint-Germain nan final playòf la pou te konnen ekip k ap ranpòte Arkema Première Ligue la pou sezon 2024-2025 la. Nan final sa a, yon bon Melchie Dumornay avèk koyekipyè l yo kraze PSG (3-0), pandan Ayisyèn nan te louvri eskò a sou yon pas de Amerikèn nan Lindsey Heaps nan fen premyè mitan (45’+3). Se Kadidiatou Diani ak Wendy Renard ki te fè 2 lòt gòl yo (80′ ; 90’+4).
Melchie Dumornay « MVP » final OL-PSG a.
Aprè pèfòmans Melchie Daëlle Dumornay avèk ekip li Olympique Lyonnais, kote Mibalezyèn nan fini meyè jwez final la, CONCACAF salye epi felisite entènasyonal Ayisyèn nan: « Quelle saison de Melchie ! Notre joueuse de l’année est championne de la Ligue française avec l’Olympique Lyonnais Féminin, » se sa enstans k ap dirije foutbòl nan Karayib la ekri.
Viktwa (3-0) sa a pèmet Lyon ranpòte 18è tit chanpyona a nan listwa epi Dumornay pran 2è tit yonn dèyè lòt pandan 2 sezon.
Dumornay yo rele tou Corventina ki sòti pwolonje kontra l avèk OL, fini dezyèm pi bon bitez ak pasez desiziv konpetisyon an.
Melchie Daëlle Dumornay genyen 16 gòl nan Arkema Première Ligue la epi 7 pas desiziv sou yon total 19 match li jwe nan chanpyona. Anvan final la, pi bon jwez aktyèl Concacaf la te nominen nan XI tip UNFP pou sezon an nan D1 Arkema.
Melchie vini youn nan jwez anpil moun kwè ki ta dwe fè podyòm balon dò pou sezon sa a, parapò ak nivo pèfòmans endividyèl ak kolektif li.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE