Milye tèren ayisyèn nan Melchie Daëlle Dumornay pwolonje kontra l pou 3 lane avèk OL Lyonnes pou jouk 2029. Dumornay ki genyen 21 lane te detèminan nan Lig Chanpyon an sezon sa, lè li fè sis (6) gòl e li tou make 30 gòl nan 45 match depi li kite Reims pou rive nan OL Lyonnes. Melchie make anpil gòl pou Ayiti, li deja enskri 20 gòl nan 20 match.
Milye tèren ayisyèn nan Melchie Daëlle Dumornay siyen semèn pase a yon pwolongasyon kontra 3 lane avèk ekip OL Lyonnes lan, sa ki lye l avèk klèb la jouk an 2029.
OL Lyonnes (se nouvo non Olympique Lyonnais féminin) anonse nouvo akò a sou sit entènèt li avèk yon foto Dumornay ki kenbe yon mayo ki ekri 2029. Melchie ki genyen 21 lane distenge l nan Lig Chanpyon an sezon sa, lè li fè sis (6) gòl.
Melchie Dumornay te make yon bèl gòl endividyèl nan mwa pase a pandan viktwa (2-1) kont Arsenal andeyò Lafrans nan match demi-final ale Lig Chanpyon.
An novanm dènye, Dumornay te enskri yon gòl mèvèye nan Lig Chanpyon an depi anndan won santral la pandan yon match fas avèk Rome nan peyi Itali.
Melchie fè 30 gòl nan 45 match antou depi li sòti nan Reims pou rive nan OL Lyonnes sa genyen 2 lane.
Dumornay ki se yon gran bitez make 20 gòl nan 20 match pou Ayiti. Milye tèren ayisyèn nan ki genyen 21 lane briye nan Lig Chanpyon e li rete yon jwez enpòtan pou OL Lyonnes ak Ayiti.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE