Ayiti. Lansman playoffs chanpyona nasyonal espesyal la fèt jedi 22 me pase a nan Sid peyi a, avèk 2 rankont ki jwe nan gwoup 2 a.
Nan Land des Gabions, Juventus FC bat Violette AC (1-0), gras avèk 1 gòl Dumy Fédé make nan 73è minit. Yon viktwa presye ki plase klèb la nan tèt gwoup li a pandan ouvèti faz desizif sa.
Nan lòt match la, nan Pak Mister Henry, Don Bosco FC ak America FC fè match nil (1-1). Jean Wisner Derival te louvri eskò a pou Petyon-Vilwa yo nan 35è minit, epi Mike Mednard te egalize nan 52è minit pou Kayen yo.

Pou premye jounen sa, Juventus FC pran pou kont li tèt gwoup 2 a. Don Bosco FC ak America FC pataje dezyèm plas la, tandiske Violette AC twouve l an dènye avèk zewo pwen.
Match gwoup 1 yo, ki genyen baz nan Nò, te dwe jwe nan mèkredi 21 me te repòte pou vandredi 23 me a, men finalman yo pa rive jwe. De (2) match ki pa jwe yo se : Baltimore SC vs FICA (Pak Saint-Victor nan Kap-Ayisyen) ; Tempête FC vs AS Capoise (Pak Résigné nan Milo).
Se uit (8) ekip ki sòti nan de (2) gwoup nan sezon regilyè a k ap jwe ant yo pou de (2) ladan yo rive nan final la. Ekip chanpyon an pral reprezante Ayiti nan Caribbean Cup ; finalis la pral patisipe nan Caribbean Shield.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE