De (2) manm gang Simon-Pele pami yo Marcelin alyas Ti Ma mouri epi yon pistolè sezi nan batay avèk ajan lòd yo, nan lokalite Sikreri Henry, nan komin Sen-Lwi di Sid, pandan yon operasyon Polis nan Sid mennen, vandredi 23 me 2025 sa.

Operasyon polisyè sa reyalize nan objektif pou pousuiv endividi ame k ap tante tabli yon fwaye gang nan lokalite sila, daprè Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (DGPNH)-Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik/DDS.

PNH la fè konnen, pa mwayen Direksyon Depatmantal Sid, genyen yon dispozitif sekirite enpòtan nan kèk pwen estratejik pou mete sou kote endividi k ap chèche simen latwoublay nan depatman Sid la, pandan li pwofite pou mande kolaborasyon popilasyon an.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.