Bandi mouri, zam ak katouch sezi, nan kad yon operasyon Polis Nasyonal Ayiti (PNH) mennen nan Pènye, nan komin Petyon-Vil, jedi 22 me 2025 lan, yon zòn ki okipe pa chèf gang Vitelhomme Innocent.
Pandan operasyon sa plizyè inite espesyalize nan PNH la te mennen akonpaye tou Inite dwòn nan ; plizyè materyèl sezi pami yo 16 radyokominikasyon ak 4 chajè, 1 chajè Galil, 1 chajè fizi M4, 1 chajè fizi Kalachnikov, divès katouch diferan kalib, yon mas a gaz, 2 flach, 1 dril, 1 pistolè ki nan move eta epi 1 fizi M-1 seri C4 60 25 WR PA, 1 pòt-baton, 1 scrap, 1 bwat dwòn epi 1 aparèy serigrafi.
N ap raple, anpil kout bal te tire nan Tòsèl nan baz gang << Kraze baryè >> chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE