Direksyon Jeneral Dwàn (AGD) pibliye, mèkredi 21 me 2025 lan, lis 100 pi gran enpòtatè Ayiti pou peryòd sòti janvye rive avril 2025. Daprè piblikasyon sa, antrepriz sa yo vèse yon total 23?898?092?849,16 goud ak Trezò Piblik la.
Pami prensipal kontribitè yo figire sosyete tankou Cristoffeurs S.A (Cristo S.A), Caribbean Grain Company S.A et Tasha Store S.A ki okipe yonn aprè lòt twa (3) premye plas nan klasman.
Cristoffeurs S.A distenge l patikilyèman avèk plis 13,6 milya goud taks li vèse ki reflete yon valè an dwàn de enpòtasyon l yo ki avwazinen 60 milya goud.
Pèfòmans dwanyè sa enskri l nan yon kontèks ekonomik difisil ki make pa ensekirite ak pètibasyon nan prensipal zòn nan vil nan peyi a. Malgre defi sa yo, AGD montre yon kapasite ki merite siyale lè l mobilize resèt fiskal sibstansyèl ki esansyèl pou finansman sèvis piblik yo ak devlopman nasyonal.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE