Polis Nasyonal Ayiti (PNH) mennen yon operasyon pandan plizyè zè jedi 22 me 2025 sa, nan Pènye, nan baz gang << Kraze baryè >> k ap dirije pa Vitelhomme Innocent. Anpil moun tande son zam lou ak bonm kamikaz k ap eksploze nan baz gang nan.
Yon operasyon mennen nan baz gang << Kraze baryè >>, nan Pènye, zòn a-cheval ant komin Taba ak Petyon-Vil.
Nan moman entèvansyon polisyè sa ap dewoule, moun yo tande gwo son katouch nan zòn nan ak nan zòn ki anviwonnen l yo.
Daprè plizyè medya lokal ki rapòte fòs lòd yo voye pou piti senk (5) bonm kamikaz nan direksyon fwaye gwoup tewowis sila, sa ki pwovoke yon sitiyasyon panik nan zòn ki tou prè yo.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE