Jodi a fè egzakteman 45 lane depi 27 me 1980, jou prezidan a vi Jean-Claude Duvalier te marye ak Michèle Bennett nan Pòtoprens. Se te yon maryaj ki sanble ak sa wa fè nan palè : gwo fèt, rad chè, djakout la louvri san mezi. Tout depans sa yo soti dwat nan lajan leta, alòske pèp la t ap viv nan grangou, maladi, eklisman ak laperèz.
Maryaj sa a te koute plizyè milye dola nan bidjè Leta, nan yon moman kote timoun pa t ka ale lekòl, lopital pa t gen medikaman, epi peyi a te anba men vyolans ak diktati. Se te yon spektak pou fè montre pouvwa, pandan tout tan pèp la t ap gade sa lwen, swa pa televizyon, swa ak kè sere.
Michèle Bennett pa t sèlman madanm prezidan. Li te vin senbòl yon klas ki t ap peye tèt li sou do mas pèp la. Jodi a, li parèt sou rezo sosyal tankou yon “bon konsèyè” oswa moun k ap bay leson, men nou pa tande li janm mande padon pou sa ki fèt.
Kote tout moun sa yo te ye lè pèp la t ap kriye an silans ? Kote yo te ye lè ti restan lajan Leta a t ap gaspiye pou chalè maryaj ?
Memwa pèp ayisyen souvan kraze, twonpe oswa efase. Men nou dwe sonje : dèyè bèl imaj maryaj sa a te gen anpil dlo nan je, anpil soufrans.
27 me pa dwe sèlman yon dat nan almanak la. Se yon rapèl ke richès kèk grenn te toujou bati sou dega majorite a. E se pa tout moun ki ka pale jodi a, ki ka fè konnen, si yo pa janm gade dèyè pou rekonèt fado yo te mete sou do pèp la.
Jean Launy AVRIL
Kronik -Centre à la Une