Frantz Elbé: Soti echèk nan PNH pou rive diplomasi, lajan repiblik la pa vin prim pou enkapasite
Gen kèk desizyon Leta Ayisyen pran, ki pa sèlman manke bon sans, men ki tounen yon balon gwo figi nan je yon pèp k ap soufri. Nominasyon ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, Frantz Elbé, kòm reprezantan diplomatik Ayiti nan jent entèameriken pou defans lan, se youn nan desizyon sa yo ki pa ka pase san kritik.
An nou mete bagay yo klè. Frantz Elbé te chita sou tèt PNH la pandan youn nan peryòd ki pi sanginè, ki pi dezonorab pou sekirite piblik peyi a. Se sou direksyon li, plis pase 60% teritwa metwopolitèn lan tonbe anba men gang. Se sou direksyon li, komisarya boule, polisye asasinen, lekòl fèmen, popilasyon chita tèt anba ak valiz grangou ak pè.
E kounye a, se li y ap voye nan diplomasi, pou « reprezante Ayiti nan kesyon defans ak sekirite rejyonal »? Sa pa sèlman imoral. Li senbolize yon sistèm ki rekonpans echèk, ki voye moralite ak merit atè.
Lè ou voye yon moun ki echwe totalman nan sekirite pou al diskite sou estrateji sekirite rejyonal, se ou voye pòv pèp la al peye lòbi echèk. Sa pi mal toujou, nominasyon sa fèt nan moman kote OEA ap konsidere pran kontwòl Fòs miltinasyonal la nan Pòtoprens. Ki sinyal sa voye bay lòt nasyon? Ki kredibilite Ayiti genyen nan tab negosyasyon an si mesye li mete chita bò tab la se pwodui dezòd, inyorans ak konplisite?
Se pa premye fwa Ayiti mete moun pa l nan pòs san kalifikasyon. Men sa ki pi grav, se lè pèp la kontinye ap mouri, epi echèk tounen tikè diplomatik. Sa montre nou pa gen volonte chanje. Nou pa gen volonte rann kont. Nou pa gen etik nan fason nou jere richès leta.
Peyi ki gen vizyon pa voye move jesyonè al reprezante l.
Peyi ki serye, pa fè echèk tounen bòn chans.
Peyi ki konsyan, pa bay diplomasi soufrans ak swaf san.
Nou merite plis. Ayiti merite pi byen.
Diplomasi pa dwe vin depo pou rale sa ki te mennen peyi a anba.
Centre à la Une