Kwonik

Mibalè, Sodo, ak batay pou Souvrènte Sekirite a : Dyalòg ant Jean Launy Avril ak Grégory Chevry

Nan fènwa kriz san parèy k ap ravaje Plato Santral la, de vwa leve, de konpreyansyon travèse: Jean Launy Avril, pitit Sodo angaje, entelektyèl, analitik; ak Grégory Chevry, ansyen ofisye, militan politik sou tèren, aktè angaje ki mennen batay la ak bra li sou beton an. Yon dyalòg limenm, ki pa chita sou ofans pèsonèl, men sou chèche pi bon chemen pou delivre Mibalè ak Sodo anba menas gang yo.

Yon apwòch entelektyèl ak reflechi

Jean Launy Avril lanse premye apèl li ak anpil respè men ak fòm retorik klè : kriz sekirite sa a pa kapab jwenn solisyon nan kout zam pou kout zam sèlman. Li mete aksan sou dimansyon miltidimansyonèl fenomèn nan. Selon li, kriz la egzije plis pase repons militè: li mande ransèyman, diplomasi, rekonstriksyon enstitisyonèl, ak entèlijans kolektif.

Launy montre ke leta te deja resevwa alèt sou monte gang yo plizyè mwa avan 30 mas la. Otorite yo pa t antisipe. Se la, li panse, diplomasi negosyasyon an ta ka fèt pi bonè ak pi plis kontwòl. Li montre kijan, si aksyon prevantif yo te fèt, kriz la pa t ap rive okipe tout espas sosyal ak politik li genyen jodi a.

Nan apwòch li, Launy pa rejte teknik militè a, men li wè li kòm yon faktè ki dwe vini an sipò a yon plan jeneral kote rekonstriksyon souverènte Leta a se poto mitan batay la.

Yon apwòch operasyonèl ak eksperyans tèren

Nan repons li, Grégory Chevry mete pwa sou eksperyans li kòm ansyen ofisye lame. Li pa demanti gravite kriz la. Men li defann pozisyon li sou nesesite pou itilize materyèl lou, jeni militè, dron, ak zam blende. Pou li, gang yo pa de sanzave senp; yo devlope taktik sofistike, yo fouye tranche, yo okipe tèt kay, yo itilize estrateji geriya ibèn.

Li raple tou jan absans lapolis sou tèren te louvri pòt gang yo. Chevry rekonèt ke nan anpil ka, li te oblije itilize resous pèsonèl pou rann disponib anjen lou sou beton an, e li fè sa san okenn soutyen ofisyèl. Nan je li, sa li fè a se te yon mank kouraj ke otorite yo pa t genyen.

Pi lwen toujou, li admèt taktik presyon an sou dosye kouran Pelig la: pa kòm yon tranzaksyon politik, men kòm yon mwayen pou fè pouvwa santral la tande doulè Plato Santral la.

Lide konvèjan, divèjans metòd

Nan esans li, deba a pa nan vizyon final la men nan metòd ak chemen pou rive la. Tou le de rekonnèt gravite menas la. Tou lè de rekonèt feblès Leta a. Tou lè de gen volonte chita sou tab solisyon.

Launy insiste sou nesesite pou batay la pa degrade sou privatizasyon sekirite, kote chak moun ap vin kreye pwòp lame li. Pou li, solisyon a dwe rebati Leta, mete sou pye kapasite operasyonèl ak moral nasyonal la.

Grégory, li menm, mete aksan sou ijans fizik la: nan mitan flanm dife a, li wè ke se zam, materyèl ak kouraj ki te premye zouti pou bay espwa. Li rekonèt ke, san mouvman rapid li yo, gang yo t ap okipe tout espas yo deja.

Yon deba ki gen valè pou sosyete a

Nan moman Ayiti ap chavire nan dezòd, deba tankou sa yo enpòtan. Yo demontre ke batay la pa limite a eslogan, ni pa laperèz di laverite. Sa se modèl deba nou dwe ankouraje: kote vwa entelektyèl, vwa militè, vwa diplomatik, vwa teknik , chak pote mo yo sou tab la, san ego, men ak vizyon.

Nou bezwen tout sa : ransèyman, zam, entèlijans, dyalòg, rekonstriksyon moral, miz sou pye enstitisyon serye, ak kapasite pou prevwa. Men pi wo pase tout, nou bezwen re-soudé nasyon an.

Yon leson pou jenerasyon k ap vini yo

Dènye mo sa a nou jwenn nan dyalòg ant Launy ak Grégory se pa batay pèsonèl, se batay konsyans. Ayiti bezwen rekonstriksyon sou tout fasèt li yo. Lè tout pyès sa yo rankontre sou menm tab la, se lè sa sèlman nou ka kòmanse pale de delivrans vre.

Centre à la Une ap kontinye louvri espas sa yo, paske dyalòg sensè se premye zouti liberasyon nou.

Serondier Louisia
Redaktè – Centre à la Une

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...