Seleksyonè nasyonal Ayisyen an, Sébastien Migné, revele lis final 25 jwè li kenbe pou echeyans majè mwa jen an. Ayiti genyen pou li jwe de (2) dènye rankont nan faz 2 nan eliminatwa Koup di Mond 2026 (zòn Concacaf) epi nan faz gwoup Gold Cup 2025 lan.

Nan kad eliminatwa Mondyal 2026 la, Ayiti pral jwe 2 match desizif. 7 jen, Grenadye yo pral opoze avèk Aruba, anvan yo afwonte Curaçao 10 jen. 2 rankont sa yo pral fèt nan Compleho Deportivo Guillermo Trinidad ki twouve l nan Oranjestad ki se kapital Aruba.

Lè 2 konfwontasyon sa yo fini, Ayiti pral patisipe nan 18è edisyon Gold Cup la k ap kòmanse nan mitan mwa jen. Seleksyon ayisyèn nan twouve li nan gwoup D ki genyen : Arabie Saoudite (15 jen) ; Trinidad et Tobago (19 jen) ; États-Unis (22 jen).

Men lis 25 jwè seleks :

Gadyen: Johnny Placide – sc bastia, Alexandre Pierre – sochaux, Garissone Innocent – riteria

Defansè: Carlens Arcus – angers sco, Wilguens Pauguin – sv zulte waregem, Martin Experience – as nancy
Markhus Lacroix – colorado springs fc, RIcardo Ade – ldu quito
Jean-Kevin, Duverne – kv kortrijk, Garven Metusala – colorado springs fc,
François Dulysse – egnatia

Milye teren: Christopher Attys – calcio lecco 1912, Danley Jean Jacques – philadelphia union, Leverton Pierre – chateauroux, Carl-Fred Sainté – phoenix rising fc
téo michel – lb, Châteauroux
Belmar Joseph – fc sion

Atakan: Don Deedson Louicius – ob odense, Mikael Cantave – vancouver fc, Dany Jean – sport clube uniao torreense, Fabrice-Jean Picault – inter miami, Duckens Nazon – kayserispor, Frantzdy Pierrot – aek athenes, Mondy Prunier – francs borains, Ruben Providence – almere city.

Sébastien Migné tranche aprè li te fin evalye 42 jwè ki te preseleksyone, li pran 25 pou konpoze yon gwoup ki mele eksperyans ak jenès avèk objektif klè pou fè Grenadye yo briye sou 2 tablo. Avèk yon plas pou faz final la, chak pwen konte, seleksyon ayisyèn nan dwe montre l solid ak detèmine pou franchi etap enpòtan sa pou yon evantyèl kalifikasyon nan Mondyal 2026 la.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841