Nan fen sejou li, soti 21 pou rive 24 me 2025 nan bil Bobo-Dioulasso ki nan Boukinafaso, kapitèn Traoré deklare li satisfè ak aksyon gouvènman an poze nan benefis popilasyon vanyan yo a, kote yo pwosede ak livrezon ekipman ak kontribisyon agro-pastoral ki gen yon valè plis pase 104 milya FranCFA.
Selon Traoré, livrezon sa a vize bay brav pwodiktè Boukinabè yo mwayen sibstansyèl pou reyalize oto-sifizans alimantè.
Poze premye wòch izin transfòmasyon pòm kajou ak inite fabrikasyon medikaman veterinè a se materyalizasyon vizyon li pou yon Burkina Faso k ap deplase nan direksyon yon vrè endistriyalizasyon. An menm tan an, nan Ouagadougou, Brigad Volontè pou Defan patri a te resevwa yon alokasyon lojistik konsiderab ki vo plis pase 6 milya Fran CFA. Traoré deklare.
Li fini pou di tout envestisman ak akizisyon sa yo se fwi angajman sivik sitwayènte Boukinabè yo, atravè kontribisyon yo nan Fon Sipò Patriyotik ak peman plizyè taks ak enpo. Se poutèt sa, li felisite tout pitit gason ak pitit fi Burkina Faso yo ansanm ak dyaspora a pou gwo tèt ansanm patriyotik sa a ak detèminasyon pou rive konstwi, ansanm, yon nouvo sosyete.
Peyi oswa Lanmò, n ap genyen.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE