New Yor ktimes konfime gouvènman Ayisyen an angaje konpayi sekirite ameriken Blackwater ki se pwopriyete Erick Prince, yon pròch prezidan Donald Trump, pou lite kont gang yo bò kote fòs nasyonal yo.

Toujou selon atik sila jounal ameriken an pibliye fè konnen konpayi sekirite a kòmanse rekrite militè Ayisyano-ameriken pou voye sou tèren an.

Jounal la rapousib pou di yo pa genyen tout detay de kontra a ki fèt nan opasite.

Blackwater se yon konpayi amerikèn ki angaje deja nan divès misyon tankou Irak ak Afganistan…

Konpayi a k ap opere Ayiti ak dwòn depi mas 2025, prevwa deplwaye 150 mèsenè pandan ete a. Yo deja gen materyèl ak ekipman sou plas.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841