Depi atak san gade dèyè gang ame yo mete sou Mirebalais ak Sodo, vil yo vin tounen kote tout pòt lavi ak espwa fèmen. Rapò Kolektif Defansè Plus soti fen mwa sa, nan okazyon 2 mwa depi gang teworis viv ansanm okipe Mibalè Sodo, òganizasyon dwa nan drese rapò sa sou sitiyasyon vyolans ame ki fèt nan Depatman Sant la, mete limyè sou yon reyalite ki pa toujou nan premye plan nouvèl yo : se pa sèlman bal ak dife ki frape popilasyon an, men se tout estrikti sosyal, edikatif, ekonomik ak jistis ki kraze nèt. Nou pa pale la de bagay abstrè : se demen miyò jenerasyon timoun yo, se dwa sitwayen yo, se sekirite finansyè yo, ak lespwa jèn yo pou avanse ki fin efase.
Nan Mibalè ak tout zòn ki antoure li, plizyè dizèn lekòl fèmen pòt yo, swa paske yo pran dife, swa paske yo pote ale tout sa ki Ladan yo, kraze tout materyèl ki andan yo, swa paske paran pè voye timoun yo anba menas kidnaping, kout bal oswa vyòl. Plis pase 10 000 timoun oblije rete lakay yo, san okenn aksè a ledikasyon. Gen timoun ki pèdi papa oswa manman, e kounye a, sa yo pi fasil pou tonbe nan men gang ki ofri yo manje, zam, oubyen lajan an echanj pou sèvi kòm ti mesaje oswa sòlda. Kolektif Defansè Plus avèti : chak jou ki pase san lekòl, se yon jou ki ka mete yon timoun sou chimen vyolans.
Sitiyasyon sa vin pi rèd toujou nan nivo siperyè. Inivèsite Piblik Mibalè, ki se sèl inivèsite leta ki sèvi tout zòn Bas Plato a, pa fonksyone ditou depi fen mas 2025. Etidyan yo pa ka antre, pwofesè pa ka sikile, e administrasyon an menm pè louvri pòt. Pa gen klas, pa gen egzamen, pa gen diplòm. E sa se pa ti pyès soufrans. Se rèv k ap kraze, se jèn k ap pèdi tan, k ap pèdi direksyon, k ap pèdi motivasyon. Kèk ladan yo te gen entansyon ale lwen, al fòme tèt yo pou vin pwofesè, doktè, teknisyen , men jodi a, yo chita lakay yo, ak tèt chaje ak laperèz.
Pandan lekòl ak inivèsite fèmen, pòt lajistis kraze, tankou si se te pa yon enstitisyon, men yon magazen gang. Tribinal Premye Enstans Mibalè, Baro Avoka yo, ak Prizon Sivil la, tout fin boule. Avoka pa gen kote pou defann moun. Jij pa gen kote pou tande ka. Prizonye yo lage san kontwòl. Jan Kolektif Defansè Plis esplike l nan rapò li, zak sa yo se pa aza, se yon estrateji gang pou mete tout popilasyon an anba men yo. Lè pa gen lajistis, pa gen konsekans pou kriminèl. Lè pa gen tribinal, viktim yo pèdi vwa yo. Lè pa gen prizon, bandi gen plis zam ak plis libète.
Pou mete sèl sou blesi a, bank yo vin tounen sib prensipal gang yo. Gen branch bank ki te fèmen nèt apre gwo kout zam, e sa pa gen anyen pou wè ak mezi sekirite. Se poutèt yo pa vle peye ranson. Bandi pran kontwòl zòn kote bank yo ye, mete presyon sou anplwaye yo, e detounen lajan k ap sòti ak antre. Moun pa ka ale fè tranzaksyon. Ti komèsan pa ka jwenn lajan pou achte machandiz. Moun ki te konn resevwa ti transfè pa ka jwenn li. Sa kraze ekonomi lokal la, sa fè pri manje ogmante, e sa mete plis mizè sou fanmi ki te deja soufrans.
Kisa sa vle di pou peyi a ? Sa vle di nou pa sèlman ap viv nan ensekirite, men nou ap antre nan yon modèl kote pa gen edikasyon, pa gen lajistis, pa gen ekonomi, pa gen fiti. Peyi a tounen yon tè kote rèv pa jèmen ankò. Mibalè ak Sodo se modèl sa a, yon modèl destriksyon kote bandi mete rèd sou tout sa ki te kapab pouse yon jèn Ayisyen avanse.
Kolektif Defansè Plis fini rapò a ak yon apèl klè : si Leta pa reyalize gravite sa k ap pase la a, si kominote entènasyonal la kontinye voye je lòt bò, jodi a se Mibalè, demen se lòt vil ankò, jiskaske nou pa ka rekonèt anyen sou kat jeyografik Ayiti ankò. Fèmen lekòl se louvri prizon. Fèmen inivèsite se louvri lagè. Fèmen bank se mete pèp la sou kol.
Nou menm, kòm jounalis, kòm obsèvatè, kòm pitit peyi, n ap lanse apèl sa a : Reouvri pòt lespwa. Reouvri lekòl. Rebati tribinal. Sove inivèsite. Sekirize bank.
Paske se pa lari sèlman ki anba bal. Se lespri timoun, se lavni peyi, ki anba menas tou.
Jean Launy AVRIL, Centre à la Une