31 mas 2025 – 31 me 2025, egzakteman 2 mwa depi bandi ki soti nan kowalisyon Viv Ansanm te anvayi Mibalè ak Sodo, depi lè a, bandi yo fòse sitwayen 2 komin vwazin yo kite lakay yo. Aprè 2 mwa, leta Ayisyen toujou pa di anyen, bandi yo bay lapolis bout tèren. « Finalman, èske n ap pase yon 3èm mwa ap dòmi anba raje, anba lapli, douvan kay moun ? » Kesyon deplase yo poze responsab yo.
Aprè bandi yo te fin anvayi komin Mibalè 31 mas pase a, kote polisye ki te sou plas yo pa t tire menm yon katouch selon divès temwen epi kouri kite popilasyon an anba grif teroris yo pou kont yo, aprè tou polisye espesyalize ki te Sodo yo fin pase 4 jou san kanpe ap goumen ak bandi yo, 2 komin sa yo ta pral tonbe anba kontwòl bandi yo totalman nan dat 3 avril.
Divès sitwayen, Johanne Pierre, Saint-Vil Negot, Wilfrid Ainsi Connu k ap kòmante, fè konnen 2 vil nan Ba Plato Santral sa yo pa t pèdi, men yo te « LIVRE ». Yo di vil sa yo te livre, se parapò ak fason nan vil Mibalè lapolis pa t fè okenn rezistans fas ak bandi yo, epi fason Leta Santral la te deside voye okenn ranfò bay polisye yo ki t ap batay Sodo depi 16 mwa kont bandi yo.
Aprè 3 semèn, jiska 1 mwa, popilasyon komin sa yo t ap tann responsab ak otorite yo di yon mo pou yo, yon mo ki se touye bandi yo epi pèmèt yo retounen lakay yo, sitwayen yo remake otorite nan depatman Sant ak leta Santral la prefere ap fè politik pandan yo menm yo lage anba raje, devan kay moun kote lapli, solèy, grangou ap fini ak yo.
2 mwa aprè, jounal la ki kesyone sitwayen Marie Thana, Widson Michel, Merines Maxime, Bernard Charles, Marvens Jean sou avni komin sa yo, fè konnen yo aprann olye pou dirijan yo mete tèt yo ansanm pou pèmèt lapolis dechouke bandi yo, yo prefere ap kreye mwayen pou fè tèt yo parèt, nan sousi pou fè popilasyon an konprann se yo k ap travay. Nan menm sans lan, yon sous polisyè konfime pou jounal la si se pa t politik la ki te prime, Mibalè ak Sodo t ap deja libere.
Aprè 2 mwa, bandi yo kontinye taye banda nan komin Sodo ak Mibalè, kote yo mete barikad pou kontinye bay polisye yo bout teren, epi fè pwogram atè plat Dèyè Kwa Mibalè ak fè pisin nan komin Sodo. La a anba je leta Ayisyen, sitwayen yo konstate chèf gang Gwo Lwa ak Lanmò Sanjou ki antre Mibalè vin pran plezi yo san pè, ni krent.
Finalman, malgre divès chanjman ki fèt nan tèt PNH la nan Depatman Sant (Ench/Mibalè), malgre plizyè garanti kèk responsab bay popilasyon an, aprè 2 mwa, konsta yo klè, se chen k ap tranpe kasav moun Mibalè ak moun Sodo ki lage san lespwa, san sekou, san rele, san reponn, daprè temwayaj Abraham Jean Pierre, Elie Dasson pataje ak sa jounal la daprè sa yo obsève.
Jan sa prale a, èske sa ta vle di leta Ayisyen ap kite sitwayen sa yo pase yon 3èm mwa san retounen lakay yo nan Sodo ak Mibalè ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE