Ayiti: peyi kote echèk pa gen fren, li gen viza, sa lakòz valiz echèk la ouvè sou tapi diplomatik.
Nan tout peyi ki pran tèt li oserye, moun ki echwe jeneralman mete sou kote. Men Ayiti, se lòt jan li ye: echèk se pa fen wout la, li souvan premye pa pou monte pi wo. Sa k te echwe nan fonksyon nasyonal jwenn plas nan diplomasi entènasyonal, tankou si yo te reyalize gwo ekselans. Diplomasi nou an pa tounen senbòl merit, men refij pou enkonpetans ak kouvèti pou enpinite.
Se yon pratik ki pa izole, li tounen sistematik, flagran, meprizan, e pi grav toujou: li endiyan. Anpil fwa, lè w gade lis diplomat nou voye reprezante Ayiti, ou mande tèt ou si se pa yon karikati nou ap fè de peyi a. Kòman yon peyi ki ap kraze anba zak malandren ka kontinye mete menm figi yo devan pou di se “ aktè diplomatik” li ye?
Yon diplomasi ki sèvi depo pou echèk yo: kèk egzanp frapan
• Léon Charles, te revoke 2 fwa kòm Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (PNH). Non li enplike nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse. Sepandan, li jwenn nouvo plas kòm reprezantan Ayiti sou sèn entènasyonal. Kòman sa fèt ?
• Rameau Normil, ki te kite Polis la ap koule anba ensekirite, pa t resevwa okenn sanksyon. Okontrè, li jwenn yon bèl plas nan sistèm Nasyon Zini.
• Frantz Elbé, ki te chita kòm DG PNH pandan gang te pran plis pase 60% kapital la, pa t ka pwoteje Ti Plas Solèy, men li vin reprezante Ayiti nan Junta Entèameriken Defans OEA. Èske se yon blag ?
Paralèlman Kisa tout sa voye kòm mesaj ?
• Bay jèn etidyan ki ap fè sakrifis pou peyi a ?
• Bay jenerasyon pwofesyonèl ki kwè nan meritokrasi?
• Bay pèp la, ki ap tann refòm ak jistis?
Pratik sa yo di nou sa klè: enpinite ap toujou jwe premye wòl, echèk se pa dosye, se referans, epi movèz jesyon pa mennen nan prizon men pito nan anbasad.
Diplomasi pa refij, li se vitrin peyi a
Nan tout peyi ki pran tèt li oserye, diplomat se:
• Moun ki gen etik,
• Ki gen kapasite negosyasyon,
• Ki pote repitasyon pèp la sou zepòl yo.
Men nou menm, nou voye sa ki pi move nan sistèm nan pou mete dra diplomatik sou figi nasyon an. Se pa yon aksidan, se yon modèl nou repete, ki karakterize yon sòt de betiz ki pwòp ak nou.
Sepandan nou pa di moun pa dwe jwenn lòt chans. Men pa fè diplomasi tounen pri konsolasyon pou echèk, pa fè li vin kado pou enkonpetans, ni mete li kòm boukliye pou moun ki chita sou dosye kriminèl.
Ayiti merite mye, diplomasi an vo mye ke sa
Nou gen jèn. Nou gen dyaspora. Nou gen entelektyèl. Nou gen diplomat ki fòme, ki merite reprezante nou ak diyite.
Kite yo sèvi.
Sispann bay echèk paspò.
Sispann fè pèsonalite ki pa enkonpetan ak ensinifyan tounen anbasadè.
Paske, si echèk se paspò pou reprezante Ayiti aletranje, ki kalite respè nou panse lòt nasyon ap ban nou.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une