Tou swit aprè piblikasyon nouvèl lanmò polisye SWAT Hilaire Esdras ki soti nan 30èm pwomosyon PNH, ki tonbe anba kout bal bandi nan kad yon entèvansyon lapolis t ap mennen aprè midi mèkredi 04 jen 2025 la nan zòn Pako, kote polisye Esdras ta resevwa yon bal nan kou selon premye eleman enfòmasyon yo, divès sitwayen ki santi yo endiye krache santiman yo.

Sa fè kèk tan depi sitwayen Ayisyen yo andedan popilasyon an pa sispann mande ajan PNH yo sispann pwoteje 9 Konseye Prezidansyèl yo ak tout gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a, puiske sitwayen sa yo estime se iresponsablite responsab sa yo ki twouve yo nan pi wo nivo leta a ki ta kache dèyè ensekirite a ann Ayiti, pandan y ap voye polisye yo viktim anba men kriminèl teworis san fwa ni lwa yo.

Peterson Mesilus ki di li santi li endiye tousuit aprè lanmò polisye SWAT Esdras, te eksprime li konsa sou rezo sosyal fesbouk : »Yo mèt kontinye pwoteje 9 prezidan ki p ap itil nasyon an anyen, se pou yo degaje yo. »

Divès lòt sitwayen te kontinye krache kòlè ak endiyasyon devan dènye gwo pèt sa a nan kan lapolis la, se ka Elda Mercius ki te pale konsa : »Bann enbesil sa yo chita kite KPT a voye yo ala bouchri epi y ap manje kòb peyi a nan otèl. Kite l mache. » Moun Elda rele enbesil yo se polisye yo ki, selon li menm, te dwe pran zam kont 9 manm KPT a.

N ap raple, nan dat 8 avril 2025, bandi Viv Ansanm yo nan Mibalè te fizye polisye UTAG Garry LYMA, lanmò polisye te soulve kòlè ak endiyasyon anpil moun nan popilasyon an. Sitwayen te lonje dwèt yo byen long sou leta Ayisyen, 9 manm KPT a, primati, epi mande polisye swa yo sispann sekirize responsab sa yo oubyen yo revolisyone kont sistèm sa a k ap fin manje yo youn aprè lòt. Men kijan sitwayen yo te eksprime yo:

« Tonnè boule m leta Ayisyen konn manje salami. M ap mande polisye yo sispann pwoteje 9 malpwòpte sa yo ki nan KPT a. Yon polisye ki saj anpil wi. Antouka otorite Mibalè yo nou vann batay la vre. » Jean Noël te kòmante.

« Polisye sa a mouri sou konsyans otorite tchanpan yo ki te livre Mibalè bay pitit yo a. » Dieusseul Louissaint te ekri.

Sou kesyon pwoteksyon rapwoche a, kote polisye yo ap pwoteje otorite yo rele VIP yo, Centre à la UNE te pale ak yon polisye, kote jounalis la te kesyone nan 2 nivo:

  1. Poukisa yon polisye aksepte poteje yon VIP kèlkonk pandan mas pèp la pa ka jwenn sekirite?

Men kijan polisye a te reponn : »Pa gen yon polisye, menm youn k ap jwenn pou fè sekirite rapwoche yon VIP pou li pa fè l. Paske, sa gen anpil bagay ki kache dèyè li lè yon polisye atache ak yon VIP tankou yon prezidan, minis, direktè jeneral…. »

  1. Poukisa polisye yo pa revòlte kont sistèm nan ann Ayiti pou fason nou remake yo konsyan leta Ayisyen konplis nan ensekirite a ?

Polisye a te reponn konsa : »Si w ta gen malè di w ap vire zam ou kont sistèm sa a, w ap mouri. Pou delivre Ayiti, se yon Revolisyon global epi total ki pou fèt. »

Peyi yo nan mond lan ki konn ap fè fas ak pwoblèm sosyal, politik ak ekonomik, toujou kreye epi jwenn yon mwayen pou kraze sistèm ki te la a, e vini ak solisyon tou nèf. Genyen ki fè revolisyon (Angletè an 1750, Ayiti an 1804, Brezil an 1822), genyen ki oblije fè koudeta (Mali an 2020-2021, Boukinafaso an janvye-septanm 2022, Niger an 2023), finalman, kilè e kòman 2èm Revolisyon Ayisyèn nan ap fèt fas ak tout tribilasyon pèp Ayisyen an ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...