Pandan yon konferans pou laprès ak prezidan fransè a Emmanuel Macron jedi 5 jen 2025 la nan peyi Lafrans, Prezidan Brezilyen an Luis Ignacio Lula Da Silva fe yon pledwaye pou Ayiti, ak divès lòt peyi, kote li mande poukisa soufrans Ayisyen, ikrenyen yo pa enterese okenn moun.

« M ap pale la a pa kòm prezidan peyi Brezil, men kòm yon èt imen. Wi, tankou yon èt imen. Kijan soufrans Ayiti, pèp Izrayèl la pa entèrese pèsòn ? An fèt, byen, dezole pou emosyon an, men se tris. » Se sa Lula di nan konferans lan.

« Nou pa ka aksepte, ou konnen, yon gè ki pa menm egziste. Men byen yon jenosid yon dirijan ekstrèm dwat pèmèt, kote l ap mennen yon gè kont enterè pwòp pèp li. Paske nan peyi Izrayèl, pèp Juif la, gè sa a pa entèrese l tou. » Prezidan Lula pouswiv.

« An fèt, tout mond lan vle lapè. Se menm jan pèp ikrenyen an pa gen okenn enterè, kòm soufrans Ayisyen yo pa enterese okenn moun »? Se tris pou w aprann tout moun fè silans. » Prezidan an fini diskou li a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...