Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) anonse li p ap renouvle Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou migran ki sòti nan peyi Kamewoun yo, kote estati sila ta dwe bout ofisyèlman nan dat 3 dawout 2025.

Desizyon sa a pran aprè yon egzamen detaye sou kondisyon yo ak reyalite sosyo politik lan nan peyi Kamewoun, epi aprè konsiltasyon ak plizyè ajans ak patnè ki konsène yo. Daprè sa otorite yo fè konnen, notamman Sekretè DHS la, Kristi Noem, kondisyon aktyèl yo nan peyi Kamewoun pa kontinye reponn epi satisfè kritè legal yo pou tabli ak kontinye benefisye TPS la.

TPS se yon pwogram espesyal ki ofri proteksyon kont depòtasyon epi otorizasyon travay tanporè bay sitwayen divès peyi ki ap fè fas ak kriz, tankou ; konfli ame, dezas natirèl, oswa lòt menas grav. Sepandan, lwa ki kreye TPS la egzije pou chak dosye evalye regilyèman pou wè si kondisyon sinekwanon ki jistifye pwoteksyon an toujou egziste.

Depatman Sekirite Enteryè Etazini pran desizyon sa a 60 jou avan dat ekspirasyon TPS, konfòmeman ak jan lwa a mande l, daprè deklarasyon ofisyèl la.

N ap note, gen anviwon 8,000 Kamewounè kap viv Ozetazini anba estati TPS, kidonk dezisyon sa a mete yo nan yon sitiyasyon difisil kote yo oblije chache yon lòt opsyon ki karakterize yon ajisteman yon estati legal oubyen tounen nan peyi yo.

Jefferson Bonissant Centre à la UNE