Gouvènman Trump lan anvizaje yon gwo chanjman nan politik imigrasyon Ameriken an, kote y ap sispann fasilite imigran aplike ak jwenn kat travay anba azil, daprè sa responsab nan Depatman Sekirite Enteryè (DHS) konfime bay CBS News. Pwopozisyon sa a anvizaje sispann posibilite sa, pou yon tan endefini, kote kapasite pou migran ki ap tann repons sou demann azil yo ap gen difikilte pou jwenn kat pou travay legalman Ozetazini.

Paralèlman Règleman sa, ki egziste depi plizyè lane, pèmèt moun ki soumèt yon demann azil gen dwa mande otorizasyon travay pandan y ap tann rezilta pwosesis yo. Men nouvo pwopozisyon an ta dwe mete yon fren sou pratik sila.

Selon sa plizyè ofisyèl DHS fè konnen, nouvo règleman gouvènman an ap egzamine a ta dwe sispann divès privilèj demandè azil yo te genyen tankou ; Entèdi bay nouvo kat travay a tout migran ki gen demann azil ki annatant.
Oblije migran yo tann jiskaske USCIS (Ajans Imigrasyon ak Sèvis Sitwayènte Etazini) pran yon desizyon sou ka yo, sa ki tabli yon peryòd, omwen 180 jou oswa plis.

Paralèlman yon desizyon konsa ap gen konsekans sou divès imigran tankou ; Moun ki gen demann azil annatant devan USCIS. Moun ki nan pwosedi depòtasyon devan tribinal imigrasyon. Kidonk yon chanjman konsa ap anpeche dizèn de milye moun ki ap tann azil yo p ap gen dwa travay legalman ankò, sa ki ka mete yo nan sitiyasyon ekonomik trè difisil.

Sepandan daprè CBS News poko gen dat ni li poko klè sou kilè règleman sa a ap anonse piblikman, ni èske li ta modifye anvan li vin final ak ofisyèl.

Jefferson Bonissant Centre à la une.