Doktè Rony DESTINÉ enstale kòm nouvo direktè rejyonal Ofis Asirans Travay Maladi ak Matènite ( OFATMA) nan Depatman Sant jounen mèkredi 4 Jen 2025 lan devan pèsonèl administratif la ak divès lòt gran pèsonalite.

Nan diskou sikonstans lan, Doktè DESTINÉ profite remèsye ansyen depite Abel Descolines pou akonpayman li te bali pou rive nan pòs la. Pilwen li kontinye pou di: li pran angajman pou li ranfòse kolaborasyon ak asire yo pandan devlope bon jan relation travay ak antrepriz ki nan rejyon an pou yon sèvis plis efikas.

N ap note OFATMA apèn relve nan ran direksyon depatmantal sou demach ansyen depite Abel Descolines.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841