Mibalè, aprè atak gang ame yo nan lannuit 30 pou louvri 31 mas politik (foli parèt divès aktè) lakòz pèp la k ap soufri pa ka tounen lakay yo. Ka sa a pa diferan pou popilasyon an nan komin Sodo.

Sosyete Sivil Mibalè a melanje ak otorite politik te pran desizyon kanpe baraj Pelig la pou egzije Leta santral pran responsabilite l fas ak gang ame ki anvayi Mibalè ak Sodo, nan yon konferans pou laprès Sosyete Sivil la te bay sou plas piblik Ench lan nan dat 24 me 2025 la, kote yo te anonse Prezidan KPT a Fritz Alphonse Jean te dwe vin pale ak yo nan madi 27 me.

Malerezman, prezidan Fritz Jean pa mete premye pye li jouk koulya, kote moun nan popilasyon an tounen Diogène ak yon balèn k ap chache Prezidan an ki t ap vin negosye ak Sosyete Sivil la.

Sa nou kapab remake, popilasyon an toujou k ap dòmi leve nan move kondisyon, toujou espere yon evantyèl retou lakay yo malgre yo pa ko wè ki kote lespwa a ap soti.  » Responsab yo nan depatman Sant, pi presizeman nan komin Mibalè, se politik y ap fè ak sitayasyon Mibalè a, yo montre yo pa gen okenn enterè vre nan fè moun yo tounen lakay yo. » Se konsepsyon anpil moun ki deplase yo.

Dènye jou sa yo, chak moun ap batay pou fè tèt yo parèt pou pi bon nan dosye ensekirite Mibalè a. Plizyè sous polisyè diy de konfyans deklare nou se move politik malatchong ki lakòz batay pou libere Mibalè ak Sodo a pa pi lwen.

Tout moun vle fè tèt yo parèt, paske yo gen lide kandida. Pandan bandi yo bò kote pa yo kontinye ap kreye estrateji chak jou, pou wè kijan yo kapab defye lapolis, e rive akapare tout rès depatman Sant lan ak rès Gran Nò a ki se vrè objektif yo.

Finalman, sitwayen yo k ap viv nan malsite, k ap konnen tout move moman, mande Leta Ayisyen pran responsabilite l pou pèmèt yo rive tounen ale viv lakay yo nan diyite jan sa te ye pou yo avan.

Joseph Samuel GUILLAUME, Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841