Lapolis manke arete/touye chèf teroris baz Kraze Baryè a Vitelòm Inosan nan zòn Dimey, depatman Lwès, ayè samdi 7 jen 2025 la selon sa yon videyo lapolis anrejistre montre, kote chèf gang nan te akonpaye ak 2 machin, men yo te oblije kouri kite machin sa yo lapolis te rekipere ak divès materyèl ladan yo tankou zam, yon malèt ak yon preskription medikaman pou Vitelhomme Innocent.
Selon jounal yon sous polisyè, malgre lapolis te voye lokalizasyon chèf teroris la ak tout sòlda ki te ak li yo bay « Task Fòs Primati a », Task Fòs la pa t deside lage okenn dwòn kamikaz sou tèt chèf gang nan ak tout ekip ki te ak li a, jiskaske li rive jwenn ase tan pou chape poul li, selon sa sous polisyè a di, ki tou kesyone sou itilite reyèl dwòn kamikaz yo nan kad batay k ap menm kont ensekirite a ann Ayiti.
Sitiyasyon sa a pa diferan pou MIBALÈ. Selon enfòmasyon nou dispoze, dimanch ki te 11 me 2025 la, pandan gang yo t ap planifye pou selebre viktwa yo paske yo pran kontwòl vil Mibalè, menm Task Fòs Primati a te mande lokalizasyon pwogram nan ki te dewoule nan zòn Dèyè Kwa, antre vil la. Yo te resevwa lokalizasyon an depi byen bonè nan maten, men, pou rezon pa yo, yo pa t deside lage okenn dwòn kamikaz sou tèt gang yo ki te fè yon gwo fèt Mibalè, jan yo te anonse l la.
Ann Ayiti, dènye tan sa yo, sitwayen yo pa sispann kwè Ayiti pran nan yon kokennchenn konplo nasyonal, ki jwenn sipò divès peyi nan entènasyonal la.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE