Otorite jidisyè yo nan Mibalè soulobedyans Dwayen TPI MIbalè Mèt André LOUIZIA ak Komisè Govènman Dormevil Pierre Willaire òganize yon chita pale nan komin Ench lendi 9 jen 2025, ak plizyè otorite nan lide pou wè koman TPI ak Pakè Mibalè ka kontinye fonksyone.
Dwayen TPI Mibalè ak Komisè Gouvènman fè konnen rès komin yo tankou ; Beladè, Savanèt Laskawobas rete paralize akòz sitiyasyon Mibalè a, pou sa yo vle rebalanse sistèm jistis la nan awondisman an pou ofri yon tikal jistis.
Pi lwen komisè Gouvèman fè konnen TPI, Pakè Minlbalè ya dwe relokalize pou lajistis kapab fonksyone malgre bandi yo toujou okipe vil Mibalè. Komisè Gouvènman Mibalè a Dormevil Pierre Willaire kwè li te mèt yon strik minimòm fòk yo bay nan domèn jistis la paske selon li gen anpil vid ki kreye lakòz prizon, pakè, tribinal pa fonksyone
Dwayen Tribinal Premye entans Mibalè a li menm tou kwè relokalizasyon an se yon bon chwa paske lapolis ak jistis se yon sèl si lapolis ap travay jistis la tou bò kote pa l dwe kanpe.
Jij de pè komin Boukan kare a Charles Edmond Prospère te kritike bò kote pa l rankont lan epi trete de lach SG Dormevil ak Dwayen LOUISIA ki vin fè rankont lan nan Ench. « Li te mèt anba yon pye bwa nan Boukan kare, Savanèt rankont sa te dwe fèt, nou son ban lach k ap kouri menm jan ak popilasyon an, pi lwen jij de pè. »
Jounalis kite la pami yo Remy Joseph a kite patisipe nan rankont sila gen dout sou kesyon an, e pou yo strik minimòm Komisè a ap pale dwe fèt andan komin nan e non yon relokalizasyon.
Bò kote pa li DDC Polis la Mackenzie JACQUES di operasyon an dwe defini ak bon jan strateji pou evite ni manm nan popilasyon an viktim ni polisye yo, DDC fè konnen si manm nan popilasyon an vle pote kole pou ja retounen lakay li, li pa fèmen pòt li sou sa, men zafè yon endividi pèsonèl konpran pou kolabore epi pou ta fè nen pòt zak pou li paka arete l, li prefere tounen lakay li.
Jeff Boni LOUIZIA kise Vis Delege awondisman pwomèt l ap fèt anpil mannèv pou pèmèt polisye yo jwen mwayen pou kontinye batay la.
Yon reyinyon ki fini san oken rezolisyon ni desizyon final, anpil patisipan rete trè pesimis pou tounen Mibalè a
Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.