Prezidan Brezilyen an, Luís I. Lula Da Silva, fè yon pledwaye lendi 9 jen 2025 la nan Konferans Nasyonzini sou Oseyan an, pou yon mond miltilateral, kote enterè yo nan nivo komès, diplomasi, echanj, dwe gen yon oryantasyon ki plis ouvè pou tout peyi nan mond lan, sa k ap pèmèt genyen plis ekilib ant peyi ak peyi.
» Lè nou parye sou miltilateralis la, nou te kapab adrese diferans ki te parèt difisil pou simonte. Jodi a, menas inilateralis la plane sou oseyan an. Nou pa ka kite sa ki rive komès entènasyonal la rive lanmè a tou, kote règ komès entènasyonal yo te brize jiskaske yo rann Òganizasyon Mondyal Komès la « OMC » pa ka byen fè travay li.
Anpeche oseyan yo vin tounen yon pwen depa pou diskisyon jeopolitik, se yon travay ijan pou nou konstwi lapè. Kanal yo, gòlf yo ak pasaj yo ta dwe rapwoche nou pi pre youn ak lòt, e non mete nou nan dezakò. Vini ak yon mwayen pou evite sa ki fò yo dechèpiye pi fèb yo pou mineral yo, sa mande sipò pou aksyon fèm Otorite Entènasyonal Fon Maren yo, kounye a syantifik Brezilyen Leticia de Carvalho ap dirije.
Anpil enterè enjis ap kontinye anpeche nou kreye Sant Balèn Sid Atlantik la. Brezil angaje l pou ratifye trete sou « Gwo Lanmè » a ane sa a pou pita, nan sousi pou asire yon jesyon transparan ak pataje byodiversite a atravè fwontyè nasyonal yo. » Prezidan Lula deklare lendi 9 jen an nan konferans Nasyonzini sou Oseyan an.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE