Sosyete Sivil Mibalè a chita pale ak Prezidan KPT a Fritz Alphonse Jean nan depatman Nò peyi a, pandan vizit prezidan an nan komin Piyon selon Laprezidans. Rankont lan te fèt madi 10 jen 2025 la, kote diskisyon yo te chita sou tounen Popilasyon Mibalè ak Sodo a, ranfòse prezans lapolis nan Komin yo ak asire pèman regilye yo, epi pote apui finansye pou moun ki pèdi byen yo nan 2 vil yo. Gregory Chevry te nan tèt yon gwoup nan Sosyete Sivil Mibalè a pou rankont sa a.

Diskisyon yo te chita sou baz mete an plas mezi ijan pou fasilite retou moun ki deplase yo lakay yo, puiske aprè byento 3 mwa, sitwayen yo kontinye ap pase mizè nan abri pwovizwa, douvan pòt kay moun ak nan raje.

KPT ak tout gouvènman an dwe asire pèman regilye pou tout polisye k ap travay san pran souf, lajounen kou lannuit, pou sekirize popilasyon an, epi ankouraje yo kontinye efò aprè lapè fin retabli nan komin Mibalè ak Sodo.

Fas ak fason moun Mibalè ak Sodo fin dekapitalize, fòk gen dispozisyon ki pran pou pèmèt biznis yo, fanmi yo repran pye pi vit posib.

Rekonstwi 2 komin yo apre dega nèg ak zam fim fè nan zòn sa yo, kote fòk gen mezi ki pran pou rebati komin yo pou pran chimen redrèsman ekonomik.

Nan rankont lan, Fritz Alphonse Jean anonse plizyè mezi ki deja pran pou konbat prezans nèg ak zam yo, nan Pòtoprens ni nan vil pwovens yo, nan objektif pou garanti sekirite popilasyon an epi fasilite yo retounen lakay yo.

Li di enstalasyon Pelig la se pou tout peyi a, e li te pran leta anpil resous pou mete l kanpe. Menm lè genyen fristasyon fok li pwoteje. An menm tan, leta dwe sitwayen yo pwoteksyon, sèvis ak jistis.

N ap note, se depi 31 mas 2025 pase gang Viv Ansanm te anvayi komin Mibalè ak Sodo, kote yo asasinen anpil moun, yo vòlò tout sa popilasyon an te posede, aprè sa yo boule kay yo, yo kraze tout 2 komisarya yo, boule mache 9 Mibalè, kraze epi brize. Poutan, popilasyon 2 komin sa yo te fè anpil manifestasyon, siting, pou evite gang pran kontwòl komin sa yo, men se menm prezidan Fritz Alphonse Jean sa a ki pa t janm okipe popilasyon sa yo atravè kri kè yo fas ak dezas sa a yo te vle evite. Sitwayen yo k ap kòmante tout kote fè konnen yo pa kwè nan okenn pwomès twonpè prezidan Fritz fè yo, puiske yo deja konnen se sèlman baraj Pelig la gouvènman an pa vle ki kontinye bloke.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841