Tès yo kontinye ap fèt sou ayewopò Okay la.
Jedi maten 12 jen 2025 sa, yon avyon konpayi IBC Airways, imatrikile N241-BC ki sòti Miami ateri sou tamak ayewopò Antoine-Simon Okay, daprè sa plizyè abitan rapòte. Se yon vòl esè de konpayi a ki enskri l nan kad demach k ap fèt ki vize etabli vòl entènasyonal regilye nan Sid peyi a.
Se pa premye esè #IBCAirways an Ayiti, li te deja fè yon vòl inogiral nan Kap-Ayisyen nan dawout 2020.
Jedi 12 jen 2025 sa tou se dat Gouvènman ayisyen an anonse repriz vòl domestik yo nan ayewopò Guy Malary nan Pòtoprens. Yon akò te siyen ant gouvènman an avèk Sunrise Airways, 5 jen 2025, ki pral desèvi Kap-Ayisyen, Jakmèl ak Jeremi. 11 milyon dola pou relanse vòl entèn yo, ekonomis Enomy Germain denonse yon politik demagojik.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE