Benefisyè pwogram Biden yo nan toumant.

Administrasyon Trump lan deside jedi 12 jen 2025 lan pou li revoke otorizasyon travay delivre nan kad << Humanitarian Parole Program >> administrasyon Biden lan te lanse.

Nan yon nòt ofisyèl, Depatman Sekirite enteryè mete fen a dispozitif sa pou resòtisan Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela. Tout otorizasyon travay ki baze sou yon liberasyon kondisyonèl epitou fòmilè I-765 ki deja apwouve yo dezòmè anile, avèk efè imedya.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.