Lè istwa rap kreyòl Ayiti a va ekri ak tout pwa l, Barikad Crew ap toujou okipe yon chapit espesyal, yon espas kote mizik la te tounen grenn vwa jenerasyon ki te marginalize, soufran, men ki pa t vle pèdi lespwa. B.C, jan tout jèn Pòtoprens te abitye rele yo, pa t sèlman yon gwoup rap: se te yon mouvman sosyal, yon rebelyon entelektyèl ki te vle mete lari a sou sèn nasyonal la ak pawòl franche, ak agresivite konsyan, ak yon langaj ki te soti nan trip reyalite a.
Barikad Crew te pran nesans nan epòk tanpèt ,epòk ensekirite k ap monte, chomaj k ap kraze espwa jèn yo, lavichè k ap fini ak ti klas mwayèn lan, e sosyete a ki ap tonbe chak jou nan yon labirent kote chimen sòti a te difisil pou wè, premye albòm yo ki te pote tit “ goumen pou sa w kwè te pote anpil revandikasyo” tankou pa koupe bwa, ki se yon tèks avangadis te gen pran ankont chanjman ekosistèm ki jodia vini yon diskisyon jeneral, BC ak Rap kreyòl la se yon istwa fenomenal, Rap Kreyòl ki te deja ap fè chemen li ak lòt pionye, te jwenn nan B.C yon vibrasyon diferan. Yo te pale jan pèp la pale. Yo te mete mo sou sa pèp la santi. Yo te di sa pifò moun pa te oze di.
Nan mitan vwa frapan sa yo, te gen twa figi ki te tounen poto mitan mouvman an: Dajavoo, Dad, ak Katafal.
Dajavoo : Pwezi lari a ak gravite konsyans lan
Dajavoo, non sèn Junior Badio, se te yon non ki te vin senbolize entèlijans pa l nan mete mizè sosyal la an pwezi. Pawòl li yo te chaje ak vizyon, ak pawòl senp men chaje ak refleksyon. Li pa t sèvi ak agresivite pou chache fè bri, men li t ap poze kesyon fondalnatal sou nati pouvwa a, sou ensekirite ekonomik, sou pèp ki bliye.
Se lanmò Dajavoo, 15 jen 2008, ki te vin make premye blesi fon mouvman an. Nan yon aksidan trafik sou wout Kafou Ayewopò, youn nan pi bèl vwa mouvman rap kreyòl la sispann pale. Lanmò sa a te mete tout peyi a an chòk. Li te tankou yon siyal trajik sou frajilite avni atis ayisyen yo, sou nesesite pou sosyete a komanse konsidere kreyatè li yo ak plis konsiderasyon.
Dad: Vwa ki pa t gen baboukèt
Dad, youn nan vwa ki te bay Barikad Crew tout forè li, te se yon gwo pilye nan reyalite lari a. Nan chak teks li yo, Dad pa t konn fè wout mitan. Li te se vwa fristrasyon dirèk jenerasyon ki t ap grandi nan Pòtoprens kote okenn garanti pa egziste. Li te transpòte grangou, kolè, ak rèv jenerasyon sa a. Nan rap li, Dad t ap raple nou de eritaj katye ki bliye yo: Site Solèy, Gran Ravin, Kafou Fèy, Martissant. Lè Dad mouri, li te kite yon lòt vid nan mouvman an, paske vwa li te se youn nan pi ra vwa ki te oze mete non sou sa pifò te pe nonmen: sistèm lan li menm. Li te konn di, ak tout onètete, ke batay rap kreyòl la se batay pou dignite.
Katafal: Eko ritm ak konsyans kolektif la
Katafal, nan patisipasyon pa li, te pote sou sèn lan yon lòt koulè melanj de ritm, de pwezi, de batay ak de rezistans. Li te genyen kapasite pou li mare beats ak mesaj, mete balanse ant agresivite lari ak apèl a lespwa. Katafal pa t chita sou senp denonsyasyon, li t ap montre rezistans pèp la, kapasite pou leve soufrans lan nan mizik ak nan solidarite. Lè Katafal mouri, mouvman an te deja antre nan yon faz pi fon de sa n ta rele « matyrizasyon » rap kreyòl la: kote chak lanmò se pa sèlman pèdi yon atis, men pèdi yon bout memwa jenerasyon an.
Barikad Crew : Yon flanm ki kontinye limen nan memwa jèn yo
Malgre twa poto sa yo ale, Barikad Crew rete youn nan modèl ki pi solid rap kreyòl la. Se yo ki mete baz sou konsyans sosyal rap la. Se yo ki fè rap la pa sèlman pale de fanm, lajan ak plezi, men ki fè l tounen yon zouti analiz sosyal, yon pawòl moun san vwa, yon grenn mikwo ki pale pou tout jenerasyon katye defavorize yo.
Jodi a, anpil rapè k ap leve toujou site Barikad Crew kòm referans. Pa gen okenn jèn ki fè rap kreyòl jounen jodi a ki pa pase sou tras Barikad Crew. Yo kite eritaj refleksyon, eritaj rebelyon entelektyèl, eritaj diyite.
Lanmò Dejavoo, Dad ak Katafal pa t ka fè flanm lan mouri. Okontrè, li fè B.C tounen pi plis yon mityèl konsyans pou tout jenerasyon k ap chèche limyè.
Centre à la Une salye memwa yo, e kontinye mete limyè sou tout sa k fè richès eritaj kiltirèl Ayiti a.
Joseph Samuel GUILLAUME Jounalis-Centre à la Une