Plis pase senk ane apre asasina Jovenel Moïse, dosye a ap pran yon nouvo vire devan lajistis ameriken. Christian Emmanuel Sanon, yon pastè ayisyen-ameriken lajistis Etazini akize dèske li te patisipe nan yon konplo ki te vize ranvèse prezidan an, ap konfwonte yon jiri federal nan Miami apati lendi 28 septanm 2026. Li plede non koupab.
Nan lannuit 7 jiyè 2021, Jovenel Moïse te asasinen lakay li nan Pèlerin 5. Atak la te blese madanm li, Martine Moïse, epi li te louvri youn nan dosye kriminèl ki pi konplèks nan istwa resan Ayiti.Plizyè ane apre, youn nan prensipal etap pwosè federal ameriken yo ap dewoule nan Miami. Se Christian Emmanuel Sanon ki devan tribinal la fwa sa a.
Dapre pwosekitè ameriken yo, Sanon te patisipe nan preparasyon yon plan ki te gen pou objektif retire Moïse sou pouvwa epi mete yon lòt lidè nan tèt peyi a. Lajistis ameriken soutni plan sa a te fini pa tounen yon operasyon ki te abouti nan asasina prezidan an.
Defans Sanon an rejte akizasyon sa yo. Avoka li yo soutni li te gen anbisyon politik, men yo konteste lide li te konnen oswa te patisipe nan yon plan pou touye Jovenel Moïse.
Nan dènye jou yo, non Christian Emmanuel Sanon ak Joseph Félix Badio te parèt ansanm nan nouvèl sou dosye a, sitou apre transfè 18 akize soti Ayiti pou ale Ozetazini. Sanon se pastè ayisyen-ameriken ki ap jije nan Miami depi 28 septanm nan. Badio, li menm, se youn nan 18 moun otorite ameriken yo te transfere soti Ayiti pou reponn ak akizasyon federal nan kad menm gwo dosye a. Badio te parèt devan yon tribinal federal ansanm ak lòt akize yo nan semèn ki sot pase a.
30 moun anba akizasyon federal
Nouvo dosye lajistis ameriken an vin pi laj toujou. Yon gran jiri federal akize 30 moun pou divès wòl yo ta genyen nan konplo ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse. Pami akize yo genyen ansyen sòlda kolonbyen, sitwayen ayisyen ak lòt moun ki te, dapre pwosekitè yo, jwe diferan wòl nan preparasyon operasyon an.
Otorite ameriken yo deja jwenn kondanasyon kont plizyè moun nan dosye a. Nan mwa me 2026, yon jiri federal te jwenn kat akize koupab pou krim ki gen rapò ak konplo a. Pwosè Sanon an gen yon lòt eleman enpòtan: Martine Moïse, vèv ansyen prezidan an, pami temwen yo prevwa bay temwayaj.
Prezans li ka pote yon lòt dimansyon nan pwosè a, sitou paske li te prezan pandan atak 7 jiyè 2021 an e li te siviv operasyon an.
Pou lajistis ameriken, kesyon prensipal la se konnen ki wòl Sanon te jwe nan plan an, sa li te konnen sou objektif operasyon an ak nan ki nivo aksyon li yo te lye ak evènman ki te abouti nan lanmò prezidan an.
Pandan dosye a ap avanse Ozetazini, pwosesis jidisyè ann Ayiti a toujou ap fè fas ak gwo obstak, sitou pwoblèm sekirite ak difikilte enstitisyon jidisyè yo genyen pou mennen ankèt la devan.
Pou anpil moun, pwosè ki ap fèt Miami yo se youn nan prensipal sous enfòmasyon sou konplo ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse.Men, nan ka Christian Emmanuel Sanon, tribinal la poko bay okenn vèdik. Akizasyon pa vle di kondanasyon: Sanon plede non koupab, e se pwosekitè federal yo ki gen pou pwouve akizasyon yo devan jiri a.