Premye minis ayisyen Alix Didier Fils-Aimé mande kominote entènasyonal la chanje fason li abòde kriz Ayiti a. Li estime solidarite entènasyonal la rete nesesè pou reponn ak ijans peyi a ap travèse, men Ayiti bezwen plis envestisman pou l kapab rebati ekonomi li epi prepare lavni li.
Fils-Aimé te pale jedi 24 septanm nan New York, nan kad yon reyinyon Gwoup konsiltatif espesyal sou Ayiti Konsèy Ekonomik ak Sosyal Nasyonzini (ECOSOC), ki te òganize an marge 81yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an.
«« Ayiti bezwen solidarite nan moman ijans, men li bezwen envestisman pou konstwi lavni », se mesaj prensipal Premye minis la te pote devan patnè entènasyonal yo.»
Daprè Fils-Aimé, estrateji entènasyonal la pa dwe limite sèlman ak asistans imanitè. Li ankouraje patnè Ayiti yo pou yo mete plis resous nan pwodiksyon, kreyasyon djòb, antreprenarya ak devlopman enfrastrikti.
Soti nan asistans pou rive nan pwodiksyon
Premye minis la defann yon nouvo apwòch kote Ayiti ta dwe pase « soti nan èd pou rive nan envestisman, soti nan asistans pou rive nan pwodiksyon, epi soti nan depandans pou rive nan patenarya ».
Pou gouvènman an, objektif la se sèvi ak sipò kominote entènasyonal la kòm yon levye pou relanse ekonomi an, ranfòse kapasite pwodiksyon peyi a epi kreye plis opòtinite ekonomik pou popilasyon an.
Apèl sa a fèt nan yon moman kote kriz sekirite a kontinye gen gwo konsekans sou lavi ekonomik ak sosyal peyi a. Vyolans, deplasman popilasyon ak feblès sèvis piblik yo kontinye mete presyon sou kapasite peyi a pou l pwodwi ak kreye travay.
Bezwen imanitè yo toujou wo
Malgre apèl pou plis envestisman, bezwen imanitè Ayiti yo rete enpòtan. Daprè done Nasyonzini yo, plizyè milyon Ayisyen bezwen asistans imanitè an 2026, pandan kantite moun ki oblije kite lakay yo akoz vyolans kontinye ogmante.
Nasyonzini rapòte tou anviwon 1,4 milyon moun deplase andedan peyi a, pandan plizyè milyon lòt ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn ase manje.
Se poutèt sa, kesyon an pa sèlman konsène envestisman alontèm. Pou patnè entènasyonal yo, defi a se jwenn yon fason pou reponn ak bezwen ijan yo pandan y ap mete baz pou yon rekiperasyon ekonomik ki kapab dire.
Sekirite ak devlopman dwe mache ansanm
Nan menm diskisyon yo, reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an pou Ayiti, Carlos Ruiz Massieu, mete aksan sou nesesite pou retabli prezans Leta nan zòn kote sitiyasyon sekirite a amelyore.
Daprè responsab Nasyonzini an, operasyon sekirite yo dwe akonpaye ak retou sèvis piblik yo, tankou lekòl, lajistis, administrasyon lokal ak aktivite ekonomik.
Lojik la sèke retabli sekirite sèlman pa sifi. Popilasyon an bezwen jwenn sèvis, travay ak opòtinite ekonomik pou estabilizasyon an kapab dire.
Yon nouvo finansman pou Ayiti
Diskisyon yo mete aksan tou sou nesesite pou pi bon kowòdinasyon nan fason resous entènasyonal yo disponib pou Ayiti.Yon Fon fidisyè plizyè patnè mete sou pye pou ede mobilize finansman nan plizyè domèn, pami yo dezameman ak reyentegrasyon, rekiperasyon sosyoekonomik ak jistis.
Pou otorite ayisyen yo, mekanis finansman sa yo kapab ede peyi a jwenn plis resous pou soutni rekonstriksyon kominote yo, devlope enfrastrikti epi ranfòse kapasite enstitisyon piblik yo.
Mesaj Fils-Aimé a pou patnè Ayiti yo
Nan entèvansyon li nan New York la, Alix Didier Fils-Aimé mete devlopman ekonomik la nan mitan estrateji pou sòti nan kriz la. Pou gouvènman an, sekirite, estabilite politik, asistans imanitè ak devlopman ekonomik dwe mache ansanm.
Mesaj la klè: pandan èd ijans rete endispansab pou reponn ak bezwen popilasyon an, Ayiti bezwen tou envestisman ki kapab kreye travay, soutni pwodiksyon nasyonal, devlope enfrastrikti epi ranfòse kapasite Leta.
Se nan tranzisyon sa a soti nan repons ijans pou rive nan envestisman dirab gouvènman ayisyen an wè youn nan kle pou prepare yon lòt avni pou peyi a.
Centre à la UNE