Prezidan KPT a Fritz Alphonse Jean retounen nan peyi a, lendi 16 jen 2025 sa, aprè patisipasyon l nan Somè Brezil-Karayib la. Li salye apèl Prezidan Lula lanse avèk Kominote entènasyonal la anfavè Ayiti.

Fritz Jean konfime tou BID ap bay yon èd 300 milyon dola pou mizannèv pwojè sosyal.

Prezidan KPT a mete aksan tou sou yon pwochèn misyon ant plizyè òm dafè nan Nò ak omològ bayameyen yo aprè rankont li avèk Premye minis @HonPhilipEDavis🇧🇸 nan peyi Brezil.

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Fritz Jean te kite peyi a 11 jen pase a pou te ale patisipe nan Somè Brezil/Karayib ki t ap fèt 13 jen 2025 lan nan Brazilya (Brezil).

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841