Sou rezo sosyal li ap Truth, prezidan ameriken an Donald Trump eksprime kontantman li pou fason li tante rezoud plizyè konfli ant peyi. Nan tèks sa a li pibliye ayè vandredi 20 jen an, Trump di yo ta dwe ba li yon pri nobèl lapè pou si bèl travay sa yo l ap reyalize.
Donald Trump kòmanse tèks la pou prezante kontantman li sou gè RDC/Wanda a: « Mwen kontan anpil pou m anonse mwen te fè aranjman ansanm ak Sekretè Deta a Marco Rubio, pou yon bèl Trete ant Repiblik Demokratik Kongo a ak Repiblik Rwanda, nan lagè ki opoze yo a ki gen anpil vyolans, masak ak lanmò plis pase pifò lòt gè yo, e ki dire pandan plizyè dizèn ane.
Reprezantan Rwanda ak Kongo yo pral Washington lendi 23 jen an pou siyen Dokiman yo. Sa a se yon gwo jou pou Lafrik e franchman, yon gwo jou pou lemond antye !
Li kontinye pou fè elòj tèt li kòm yon chanpyon ki merite yon pri nobèl lapè: Mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè pou sa, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te kanpe lagè ant End ak Pakistan, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te kanpe lagè ant Sèbi ak Kosovo, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te mete lapè ant Ejip ak Etyopi (pa mwayen yon gwo baraj Etyopyen yo te konstwi, Etazini te finanse,) epi mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te fè akò Abraram yo nan Mwayen Oryan an ki, si tout bagay ale byen, pral gen anpil lòt peyi ki siyen, epi ki pral ini Mwayen Oryan an pou premye fwa depi plizyè lane.
Non, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè kèlkeswa sa m fè, tankou Larisi/Ikrèn ak Izrayèl/Iran, kèlkeswa rezilta sa yo. Men, pèp la konnen tout sa mwen fè yo, e se sèl sa ki enpòtan pou mwen! » Donald Trump fini piblikasyon a.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE