Depatman Sekirite Enteryè (DHS) mete fen avèk Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou anviwon yon demi-milyon Ayisyen ki Etazini, daprè anons jounal ameriken an Fox News fè vandredi 27 jen 2025 la.

Gouvènman ameriken an jistifye desizyon sa lè li afime sitiyasyon an Ayiti a ta amelyore e donk resòtisan Ayisyen yo kapab dezòmè rantre lakay yo.

Yon pozisyon ki parèt paradoksal, alòske, dènyeman, menm administrasyon sa te konseye pwòp sitwayen li yo pou kite Ayiti prese prese.

Se yon desizyon ki pral efektif apati 2 septanm 2025. Plis pase 50.000 Ayisyen dezòmè menase pou yo voye tounen nan peyi yo.

Pou anpil moun, prezidan Etazini an ap kontinye montre li san kè kont migran yo ki ale chache yon lavi miyò nan peyi Tonton Sam nan. Administrasyon Trump lan anonse fen pwogram Estati pwoteksyon tanporè (TPS) pou Ayisyen yo, li mande yo pou jwenn yon lòt estati migratwa legal.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841