LIB TRIBIN

Fortuné Gérald, Etidyan nan Management Business
Deplase nan komin Saut-d’Eau
Telefòn : (509) 3690-6478

Pou : Responsab Nasyonzini an Ayiti

Mesye/Madmam Responsab,

M ap ekri nou ak tout respè ki dwe fonksyon nou, men tou ak anpil doulè ak kòlè pou sitiyasyon dramatik peyi m nan ap viv.

Depi plizyè deseni, Òganizasyon Nasyonzini an, atravè plizyè misyon tankou MINUSTAH, MINUJUSTH, BINUH, epi jodi a CPT (Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon), ap opere ann Ayiti. Sepandan, rezilta yo dezolasyon :

Ensekirite ap ogmante chak jou, gang ap miltipliye devan je reprezantan nou yo.

Institisyon peyi a fin fèb, yo souvan sèvi ak yo kòm zouti pou enterè etranje.

Ekonomi an kraze nèt, jèn tankou mwen pa gen lòt opòtinite pase egzil, vyolans, oswa dezespwa.

Souvrennte peyi a vyole, tout gwo desizyon sou lavni peyi a pran aletranje san pèp la pa janm konsilte.

Misyon “estabilizasyon” nou yo, ki te sipoze ede Ayiti rebati tèt li, olye de sa, mete l pi fon nan labou, kreye plis depandans, plis dezòd, plis mizè. Pi gwo egzanp echèk sa se kolera ke Kask Ble yo te mete nan peyi a an 2010, ki touye plizyè milye moun. Jiska jodi a, eskiz pa ranplase jistis ni reparasyon.

Jodi a, m ap di nou sa klè : nou menm, Nasyonzini, nou tounen youn nan vrè pwoblèm Ayiti. Prezans nou an soutni yon sistèm dominasyon kache ki bloke tout solisyon vre ke Ayisyen ka mete sou pye. Nou bezwen konpayon, pa dominatè. Nou bezwen solidarite, pa kontwòl.

M rele Fortuné Gérald, jèn etidyan ki fòse kite komin Saut-d’Eau akoz laterè. Men, mwen se sitwayen ki leve kanpe, ki konnen sa l vle. Nan non plizyè milye jèn ayisyen ki toujou kwè nan leve kanpe Ayiti, m ap mande nou ak tout fòs : retire men nou sou desten pèp sa a.

Kite pèp ayisyen pran desten li nan men li. Sispann mete tèt nou kòm sèl deside. Ann koute vwa pèp la. Ayiti pa yon laboratwa pou eksperyans entènasyonal. Ayiti se yon nasyon souverèn ki merite renesans li.

Avèk respè, men ak detèminasyon,

Fortuné Gérald
Etidyan nan Management Business
Deplase nan komin Saut-d’Eau
Telefòn : (509) 3690-6478 gmail fgerald1994@gmail.com

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841