Sistèm politik Iranyen an se youn nan modèl ki pi espesyal e pi difisil pou konprann nan mond lan, paske li melanje prensip demokratik ak prensip teyokratik. Nan premye je, li sanble ak yon repiblik modèn kote gen eleksyon, prezidan, palman, e menm konstitisyon. Men lè nou fouye pi fon, nou wè se relijyon ki mete ton, se otorite espirityèl ki gen dènye mo, e se lidè Siprèm nan ki kontwole tout aspè nan sistèm nan.
Aprè Revolisyon Islamik 1979 la, Iran te ranvèse monachi shah Mohammad Reza Pahlavi a, pou li tabli yon « Repiblik Islamik ». Konstitisyon ki soti nan revolisyon sa a mete Charia a (lwa Islamik) kòm fondasyon tout lwa ak règleman yo. Menmsi yo kenbe eleksyon ak plizyè enstitisyon politik, tout desizyon dwe respekte prensip relijye Islamik yo. Se konsa yo mete sou pye yon sistèm ki ni relijye, ni repibliken, men ki bay plis pwa ak relijyon.
San okenn dout, lidè Siprèm nan se chèf leta reyèl la. Li pa sèlman dirijan espirityèl, men li se pi gwo otorite politik. Li gen dènye pawòl sou tout zafè peyi a: li kontwole lame, lajistis, medya piblik, e li ka menm rejte desizyon Prezidan an. Li nonmen anpil otorite kle, tankou chèf lajistis ak manb Konsèy Gadyen an. E li rete sou pouvwa li a san limit tan, li pa eli pa pèp la.
Prezidan an, li menm, se yon otorite ki eli pa pèp la pou kat ane. Li jere gouvènman an nan lavi chak jou: ministè yo, ekonomi, edikasyon, sante elatriye. Men li oblije toujou soumèt tèt li a volonte Lidè Siprèm nan. Anpil nan desizyon li pa ka aplike si Lidè Siprèm nan pa bay akò li.
Palman an (Majlis) gen 290 depite. Yo vote lwa ak bidjè, men tout sa yo apwouve dwe konfòme ak prensip relijye. Se Konsèy Gadyen an ki verifye sa. Konsèy sa gen 12 manm: 6 tewolojyen nonmen pa Lidè Siprèm nan ak 6 jiris eli pa palman men sou lis minis jistis la. Yo gen pouvwa pou bloke nenpòt lwa ki pa ann akò ak Islam. Yo kontwole tou lis kandida ki kapab patisipe nan eleksyon, sa ki rann eleksyon yo trè filtre e limite.
Nou vlew konnen tou Iran pa gen senatè sa nou rele chanm wot la.
Avan Revolisyon Islamik la nan nan lane 1979, peyi Iran te genyen yon sistèm bikameral(depite,senatè)
Men aprè Revolisyon Sena a ta pral pa ekziste ankò, sa ki vinn fè peyi Iran genyen sèlman depite, sa vle di palman inikameral.
Asanble Ekspè yo se yon lòt estrikti relijye, konpoze ak manb ki gen manda 8 ane. Teyorikman, yo ka eli oswa revoke Lidè Siprèm nan. Men an pratik, sa fèt trè raman e san otonomi reyèl.
Pouvwa jidisyè a, ki dwe endepandan, an reyalite li sou kontwòl dirèk Lidè Siprèm nan. Se li ki nonmen chèf lajistis la. Lajistis aplike lwa Islamik e sèvi souvan kòm zouti pou siprime opozisyon politik oswa kontwòl sosyal.
Iran gen de fòs prensipal militè: Lame ofisyèl la ak Kò Gadyen Revolisyon Islamik yo (Pasdaran). Lame a jeneralman jwe wòl tradisyonèl li: defann teritwa, patisipe nan operasyon nasyonal. Men se Gadyen Revolisyon yo ki vrèman politik, fidèl ak rejim lan, e ki kontwole yon rezo ekonomik, sosyal, ak paramilitè. Yo se poto mitan defans ideyoloji Islamik la. Lè yo mete tèt yo ansanm, se pou defann Iran kont menas ekstèn; men se Gadyen Revolisyon yo ki an premye liy pou konbat opozisyon entèn.
Wi, Iran fè eleksyon regilyèman pou Prezidan, Palman ak Asanble Ekspè yo. Men tout kandida yo oblije pase pa filtè Konsèy Gadyen an, ki ka refize nenpòt kandida ki pa ann akò ak ideyoloji rejim nan. Sa rann eleksyon yo trè kontwole e limite libète elektoral.
Sistèm politik Iranyen an se yon teyokrasi, kote relijyon pa jis sipò moral, men li se baz tout estrikti politik la. Se pa yon demokrasi jan nou konprann li nan peyi oksidantal yo, paske pouvwa vrèman an pa soti nan pèp la, men soti nan otorite relijye ki pa eli. Enstitisyon yo egziste, men yo toujou sou lòd ak siveyans Lidè Siprèm nan. Kidonk, pa gen veritab balans pouvwa, ni plas pou opozisyon reyèl. Se yon sistèm kote pouvwa sakre ak pouvwa leta mare tèt yo, epi kote demokrasi a, si li egziste, limite a rityèl olye de reyalite.
Newton Monnay, Entènasyonalis- Centre à la Une