Yon jij federal Nou Yòk bloke desizyon administrasyon Trump lan ki vize mete fen avèk Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti.

Jij Brian M. Cogan, ki wè nan mezi sa yon sous vyolasyon dwa moun, pran desizyon sa pou fè respekte lalwa. Kidonk, TPS pou Ayisyen yo pwolonje jiska 2 fevriye 2026 menm si li ankò posib pou administrasyon Trump lan fè apèl nan nivo kou siprèm ki nan vakans aktyèlman.

N ap raple, administrasyon Trump lan te anonse fen pwogram Estati pwoteksyon tanporè pou Ayisyen yo. Nan yon anons jounal Fox News fè vandredi 27 jen pase a, se anviwon yon demi-milyon Ayisyen ki Etazini desizyon sa konsène. Se yon desizyon ki t ap rantre an aplikasyon apati 2 septanm 2025 e li te pran ankont 50.000 Ayisyen ki menase pou yo voye tounen nan peyi yo.

Si anpil moun te gentan di finalman administrasyon Trump lan deside koupe TPS pou migran Ayisyen yo, jij federal Brian M. Cogan bay lespwa ankò avèk Ayisyen sa yo ki nan yon sitiyasyon ki pa konnen ki sen pou yo rele.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841