Anbasad amerikèn ann Ayiti òganize yon resepsyon entim vandredi 4 jiyè 2025 la, pou make 250èm fèt Endepandans Etazini avèk zanmi ak patnè Ayisyen yo. Chaje dafè Henry T. Wooster te pwofite okazyon an pou l di Etazini pa mache lojik gang yo vle pran an pouvwa a ann Ayiti, epi remèsye Ayiti pou bèl akèy li te ba li.

« Etazini opoze ak tout lide pou gang pran kontwòl leta a. Etazini rete angaje pou jwenn solisyon pou defi aktyèl Ayiti a: dezi gang yo pou ranvèse leta a. Obligasyon politik Etazini pou Ayiti se estabilite.

Lide pou leta Ayisyen souveren an vin tounen yon espas san gouvènman oswa yon espas kote se dezòd, kriminalite ak teworis k ap gouvène, sa ki kontrè ak enterè Ameriken yo, sètènman ak enterè Ayisyen yo, enterè rejyon an, ak enterè nenpòt leta ki konsidere tèt li kòm yon manm kominote entènasyonal la, epi ki pwoklame sipò li pou nòm yo. »

Sa se yon ekstrè nan diskou Anbasadè Ameriken an an Ayiti, Henry T. Wooster fè nan okazyon 250èm anivèsè endepandans Etazini d’Amerik la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...