Sa fè kat (4) lane depi Prezidan Jovenel Moïse asasine lakay li. Jouk jodi a, fanmi li ak pwòch li yo ap viv nan atant, pandan yo espere ansyen-chèf Leta jwenn jistis. Mès rekiyèm, inogirasyon yon sal konferans, apèl a yon manifestasyon soutyen… se ansanm aktivite ki prevwa pou komemore dat sila.

Aprè kat (4) lane asasina mari li, Martine Moïse toujou refize kolabore avèk lajistis ayisyèn nan dosye sa. Daprè Pierre Espérance, refi sa fè grandi dout yo ak sispisyon yo kont Martine Moïse nan afè sila.

Kat lane aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse, Sant Analiz ak Rechèch nan Dwa Moun (CARDH) pèsiste pou di se sèl yon tribinal espesyal ki kapab ede nan retabli verite. Nan yon rapò li rann lendi 7 jiyè sa, CARDH tounen sou omisid la pou souliye limit jistis ayisyèn nan men tou pou raple se sèl mizanplas yon tribinal espesyal ki kapab ede nan retabli laverite.

<< Nou raple limit lajistis ayisyèn epi nou reyafime nesesite pou kreye yon tribinal espesyal oubyen yon chanm espesyal ki kapab pwopoze pis pou eksplore nan objektif pou bay jistis avèk pèp ayisyen an e avèk fanmi prezidan an, men tou pou anpeche asasina lòt prezidan >>, se sa Sant Analiz ak Rechèch nan Dwa Moun ekri.

Si dosye lanmò Jovenel Moïse la ap trennen an Ayiti piske okenn kondanasyon pa ankò pwononse, l ap souke kò l nan peyi Etazini kote plizyè pèsonalite ki lye ak krim nan deja kondane. Enstriksyon yo ap rapousuiv nan Kou dapèl Pòtoprens aprè jij Walther W. Voltaire te rann òdonans li an janvye 2024, li rete sèl nan senk (5) majistra ki fini enstriksyon l.

Men kèk pèsonalite ki enplike nan afè kriminèl sa ki deja kondane : Rodolphe Jaar, John Joël Joseph, Joseph Vincent, Germán Alejandro Rivera Garcia, Mario Antonio Palacios Palacios, Frederick Bergmann ; senk (5) lòt ap tann jijman. Kat lane aprè krim odye sa, enstriksyon yo ap rapousuiv nan nivo Kou dapèl Pòtoprens nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la.

Genyen lòt pèsonalite ki endekse nan òdonans jij enstriktè Walther W. Voltaire ki pa reponn a envitasyon Kou dapèl Pòtoprens. Tankou : Martine Moïse, Dimitri Hérard, Léon Charles, Renald Lubérice, e plizyè lòt pèsonalite.

Ansyen prezidan Jovenel Moïse mouri nan lannuit 6 jiyè pou louvri 7 jiyè 2021. Lendi 7 jiyè 2025 sa make katriyèm anivèsè asasina Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren 5, nan komin Petyon-Vil, nan Pòtoprens (Ayiti).

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841