Daprè yon atik jounal dominiken Listín Diario te pibliye nan dat lendi 9 dawout 2021, li eseye reponn ak kesyon sa : èske kapòt kapab pwoteje w kont tout maladi moun pran nan fè bagay ? Repons lan se non.

Byenke kapòt la ede nan pwoteje kont tout maladi moun pran nan fè bagay (MST), kapòt la pi efikas nan sèten kondisyon pase lòt. Genyen anpil maladi moun pran nan fè bagay, sèten ladan yo ou jwenn yo nan flid n ap site espèm, nan sekresyon vajinal ak nan san, n ap site VIH, gonore, klamidya, epatit ak trikomonaz, maladi sa yo kapab diminye pou enfekte avèk itilizasyon yon kapòt.

Sa yo kapòt la pa pwoteje

Lòt maladi moun pran nan fè bagay, pakont, kapab transmèt sèlman pa kontak po ak po lè zòn kote kontak la fèt la enfekte, tankou bouch oubyen ògàn jenital yo. Kèk egzanp maladi sa yo ki kapab transmèt epi kapòt la pa kapab anpeche sa se èpès, papilome imen, vèri jenital, sifilis, pou nan bibis (krab) ak gal imen.

Itilizasyon kòrèk

Si kapòt la itilize jan li dwe itilize, li kapab sèvi pou anpeche maladi moun pran nan fè bagay transmèt pa flid kòporèl, men kapòt la mwens efikas pou anpeche maladi po.

Men rezon ki fè kapòt la pa kapab pwoteje

Reyèlman, enfeksyon sa yo prezan nan kèk pati nan kò moun kote kapòt la pa kapab kouvri, tankou eskwotoum, baz peni an, bouda, lèv ak anwo kuis la. Pa egzanp, si yon moun genyen plè èpès oubyen vèri jenital sou eskwotoum oubyen otou baz peni an, yon zòn kote kapòt la pa kapab atenn, alòs moun nan kapab enfekte patnè li a pandan rapò seksyèl yo.

Swen medikal

Li enpòtan pou fè teste w pou MST oubyen pou maladi moun pran nan fè bagay, anvan menm ou kòmanse genyen vi fè bagay avèk patnè w, avèk entansyon pou pran swen si nesesè, anvan ou kapab transmèt li maladi moun pran nan fè bagay, ak tou genyen yon relasyon seksyèl ki pi asire. Anpil maladi kapab geri anvan w transmèt yo, men sèlman si maladi yo idantifye bonè. Pa bliye si w genyen kesyon, ou kapab konsilte << urologue >> ou.

Kredi atik : Listín Diario

Tradiksyon : Jacky Médé Fontaine

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841