Kwonik Entènasyonal

“Lula bay Trump yon kalòt marasa: ‘Ou pa anperè mond lan, ou se prezidan pèp ou’”

Nan yon epòk kote politik entènasyonal vin tounen sèn spektak diplomatik, ak gwo lidè ki pran tèt yo pou jeyan, se prezidan brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva, ki mete wòch nan kalalou. Nan yon entèvyou li bay CNN, Lula voye yon mesaj klè e sansib bay ansyen prezidan ameriken Donald Trump, ki souvan aji tankou li se chèf sou latè:
“Donald Trump pa te eli pou l vin anperè mond lan, men pou l sèvi pèp ameriken an.”

Deklarasyon sa a pa sèlman yon pike kole diplomatik, li se yon revelasyon sou fason plizyè gouvènman, espesyalman Lèzetazini, kontinye jwe yon wòl dominatè, entèvenan, e souvan destabilizatè sou sèn entènasyonal la. Trump, pandan manda li, pa t janm kache mepri li pou prensip miltilateral, e li te mete aksan sou yon diplomasi otoritè, ki te souvan mete presyon sou lòt peyi, sitou nan Amerik Latin nan, pou swiv vizyon li.

Lula mete pwen sou non. Li raple ke menm si Lèzetazini gen enfliyans, sa pa vle di yo ka trennen tout peyi dèyè yo tankou timoun lekòl. Chak peyi gen souverènte pa li. Chak pèp gen dwa pran desizyon pou kont li. E sa enpòtan anpil lè nou gade jan politik amerikèn souvan dikte avni politik Ayiti, Venezuela, Kiba, Brezil, ak anpil lòt peyi ki refize plwaye tèt yo.

Repons Lula a vini tou nan yon kontèks kote plizyè peyi ap chèche rebati alyans yo ak Lachin, ak BRICS yo, ak lòt fòm kooperasyon altènatif. Epi nan mitan tout sa, ansyen prezidan Trump ap kontinye voye avètisman sou radyo ak televizyon, mete presyon sou lidè politik nan rejyon an, tankou si li gen dwa moral sou direksyon kontinan an.

Men Lula montre se pa sa demokrasi ye. Lè ou eli, se pou ou sèvi pèp ou, pa mete tèt ou tankou wa sou latè. Mo sa yo sonnen fò, e yo sèvi kòm yon rapèl pou tout lidè, ke yo nan Nasyonzini, OEA, CARICOM, elatriye.

Nou nan yon epòk kote wòl Amerik lan ap reevalye. Se pa paske ou se gwo pwisans ke ou dwe fèmen bouch tout lòt pèp. Lula montre ke vwa peyi Global South yo pa dwe an silans, e ke chita pale sou egzak sou baz respè, diyite, e relasyon egal-egal.

Se pa mirak diplomatik ki pral sove mond lan. Se lidè ki sonje kiyès ki voye yo la, epi ki mete enterè pèp la an premye.

Jean Launy AVRIL, Redaktè -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar