Gang ame yo rive mete dife sou 2 blennde militè ki fè pati Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite a an Ayiti, zak sila pase maten an pandan yon operasyon patwouy tap fèt nan zòn Kenscoff, nan dat 7 dawout 2025 la, daprè sa pòt-pawòl misyon an Jack Ombaka konfime pou laprès.

Daprè deklarasyon responsab la, atak la te fèt ozalantou 2zè nan maten, pandan fòs miltinasyonal yo t ap fè patwouy regilye nan rejyon an. Ombaka presize ke 2 blennde ki kraze yo se fòma APC (Armored Personnel Carrier), ki jeneralman sèvi pou transpòte twoup sou tèren.

Sepandan touswit aprè deklarasyon pòt pawòl la, nan kèk èdtan gen yon videyo kote gang ame yo ap boule blennde gentan ap sikile sou tout rezo sosyal yo, sa ki kreye anpil kè sote sou nivo sekirite fòs etranje yo nan peyi a.

Yon lòt kote atak sa kreye gwo tansyon nan zòn metwopolitèn nan, paske atak sa rive nan yon dat konsidere kòm etan istorik, epi nan moman kote gang “Viv Ansanm” yo ap mete presyon sou plizyè katye nan kapital la. Sa ki lakoz plizyè zòn leve anba gwo kout bal nan maten an, e sitwayen yo ap viv ak laperèz pandan vyolans lan kontinye ap grenpe.

Paralèlman Chef e pòt pawòl koalisyon viv ansanm nan Jimmy Cherizier, alyas Barbecue, anonse nan yon videyo ki viral sou pratikman tout platfòm rezo sosyal yo, fè konnen yo gen plan pou atake Vila dakèy – kote manm CPT (Conseil Présidentiel de Transition) la reyini yon fason pou sabote pasasyon pouvwa ki dwe fèt ant Fritz Aphonse Jean ak Laurent St Cyr.

Yon sitiyasyon ki anonse yon jounen enkyetan espesyalman pou moun kap viv nan zòn metwopolitèn nan ak yon posibilite pou anpire kriz sosyo politik kap wonje bout tè Papa Desalin nan.